Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE NOU BEZWEN BONDYE?

Poukisa nou bezwen Bondye?

Poukisa nou bezwen Bondye?

Gen kèk espesyalis ki etidye maladi mantal ki fè konnen moun dwe satisfè bezwen espirityèl yo genyen pou yo ka viv ak kè kontan. Nou ka wè sa nan jan lèzòm vle fè yon bagay ki gen yon objektif nan lavi yo. Oubyen jan yo vle adore yon moun oubyen yon bagay ki siperyè yo. Pou kèk moun satisfè bezwen sa a, yo sèvi ak tan lib yo pou yo egzamine lanati, pou yo fè travay atis, pou yo fè mizik, eksetera. Poutan, pifò nan yo pa jwenn anpil satisfaksyon nan sa yo fè, e si yo jwenn yon ti satisfaksyon li pa dire lontan.

Bondye vle lèzòm viv ak kè kontan depi kounye a e pou toutan.

Moun ki konn li Bib la pa sezi lefètke lèzòm fèt ak anvi pou yo gen relasyon ak Bondye. Nan liv Jenèz la, premye chapit yo fè nou konnen apre Bondye te fin kreye premye mesyedam yo, li te konn pale avèk yo regilyèman, sa te pèmèt yo gen bon relasyon avè l (Jenèz 3:8-10). Bondye pa t kreye lèzòm pou yo viv san li. Yo bezwen pale ak Moun ki kreye yo a. Byen souvan Bib la pale sou nesesite sa a.

Pa egzanp, Jezi te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” (Matye 5:3). Selon pawòl sa yo, nou ka di pou yon moun gen kè kontan nan lavi l e pou l satisfè, li bezwen konble bezwen espirityèl li genyen, yon bezwen li fèt avè l. Ki jan nou ka fè sa? Jezi te bay repons lan lè l te di: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Matye 4:4). Nan ki sans pawòl ki sot nan bouch Bondye, sa vle di, panse Bondye ak enstriksyon Bondye bay nan Bib la, ka fè l posib pou nou viv ak kè kontan epi pou lavi nou gen sans? Ann egzamine twa rezon fondamantal.

Nou bezwen bon direksyon

Jodi a, gen yon kantite espesyalis ak moun ki gen anpil konesans ki prèt pou yo bay moun konsèy sou fason pou yo gen bon relasyon ak moun, sou lanmou, sou lavi nan fanmi, sou fason pou yo rezoud pwoblèm yo gen ak lòt moun, sou fason pou yo viv ak kè kontan. Yo menm bay konsèy sou sa moun ka fè pou lavi yo gen sans. Men, èske Moun ki pi kalifye pou bay bon konsèy nan domèn sa yo, konsèy ki ekilibre, se pa Moun ki te kreye lèzòm nan, Jewova Dye?

Menm jan ak yon liv ki bay moun enstriksyon sou yon aparèy, Bib la ka gide lavi nou.

 Ann pran yon egzanp pou nou montre sa. Lè nou achte yon nouvo aparèy, tankou yon kamera oubyen yon òdinatè, nou atann pou moun ki fè l la voye yon liv avè l ki ban nou enstriksyon sou fason pou n byen sèvi avè l e pou n satisfè. Nou ka konpare Bib la ak yon liv enstriksyon tou ki bay esplikasyon sou fason pou n byen itilize lavi nou. Se yon liv Bondye, ki fabrikan an, mete a dispozisyon nou menm lèzòm, ki itilizatè yo. “Liv pou itilizatè” sa a esplike poukisa fabrikan an fè pwodui sa a, sètadi lavi, e li esplike fason nou dwe itilize l pou nou ka jwenn pi bon rezilta.

Menm jan ak yon liv enstriksyon yo byen ekri, Bib la avèti moun k ap li l yo, li di yo gen kèk bagay ki ka fè “pwodui” yo genyen an, sètadi lavi yo, vin an danje, bagay sa yo ka fè l mal fonksyone. Konsèy lòt moun bay, oubyen rakousi yo pwopoze, ka parèt fasil pou nou suiv, yo ka menm parèt pi rapid, men èske li pa lojik pou n panse n ap jwenn pi bon rezilta e n ap evite anpil pwoblèm si n suiv enstriksyon Fabrikan an ban nou pito?

“Se mwen menm ki [Jewova], Bondye nou an. Se mwen menm k’ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k’ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la. Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k’ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m’ pa ta janm sispann kanpe pou nou!” — Ezayi 48:17, 18

Nou ka jwenn direksyon ak èd nou bezwen nan Bib la.

Byenke Jewova ban nou direksyon ak enstriksyon, li pa fòse nou suiv yo. Okontrè, antanke Kreyatè ki renmen nou e ki vle byen pou nou, men ankourajman li ban nou: “Se mwen menm ki [Jewova], Bondye nou an. Se mwen menm k’ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k’ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la. Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k’ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m’ pa ta janm sispann kanpe pou nou!” (Ezayi 48:17, 18). Yon fason senp, si nou suiv direksyon Bondye ban nou, n ap viv byen. Sa vle di, pou nou viv byen e pou nou viv ak kè kontan nou bezwen Bondye.

Nou bezwen solisyon pou pwoblèm nou yo

Gen moun ki panse yo pa bezwen Bondye paske gen anpil kesyon k ap twouble yo nan lavi a ki fè li difisil pou yo kwè gen yon Bondye ki egziste ki renmen yo. Pa egzanp, moun sa yo konn ap mande tèt yo: ‘Poukisa bon moun yo ap soufri?’ ‘Poukisa gen tibebe ki fèt andikape alòske yo inosan?’ ‘Poukisa gen tout enjistis sa yo nan lavi a?’ Anfèt, se yon seri kesyon ki vrèman enpòtan e si nou jwenn repons ki satisfè nou, sa ka gen gwo efè sou lavi nou. Men, olye pou nou prese blame Bondye pou jan de pwoblèm sa yo, ann wè kòman Pawòl Bondye a, Labib, ka pote limyè pou nou sou sijè sa a.

Nan liv Jenèz la nan chapit twa a, nou jwenn istwa kote Satan, ki te kache dèyè yon sèpan, te pouse de premye moun yo dezobeyi kòmandman Jewova te ba yo pou yo pa manje fwi pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Men sa Satan te di Èv: “Se pa vre. Nou p’ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l’, je nou va louvri. N’a vin tankou Bondye, n’a konn sa ki byen ak sa ki mal.” — Jenèz 2:16, 17; 3:4, 5.

Ak pawòl sa yo, nonsèlman Satan te di Bondye ap bay manti, men tou li te lese konprann Bondye pa byen gouvène. Dyab la te pretann si lèzòm koute l,  bagay yo ap pi bon pou yo. Kòman Bondye t apral rezoud pwoblèm sa yo? Jewova te chwazi kite tan pase pou tout moun te ka wè si akizasyon Satan te lage sou do l yo se vre oubyen si yo se manti. Anfèt, Bondye te bay Satan ak tout moun ki pran pozisyon pou li yo posiblite pou yo pwouve si lèzòm ka viv byen san Bondye.

Dapre ou menm, ki repons ou ta bay pou kesyon Satan yo? Èske lèzòm ka viv byen san Bondye vre? Èske yo ka gouvène tèt yo byen san Bondye? Soufrans, enjistis, maladi, lanmò, krim, prensip moral k ap degrade, lagè, gwo masak ak lòt move zak k ap frape limanite depi plizyè syèk yo, se prèv ki montre efò lèzòm ap fè pou yo dirije tèt yo san Bondye echwe yon fason lamantab. Bib la pa montre se Bondye ki responsab malè ki frape lèzòm yo, olye de sa, li atire atansyon nou sou prensipal rezon ki fè gen tout pwoblèm sa yo. Men sa l di: “Moun ap [domine] sou moun pou fè yo soufri.” — Eklezyas 8:9.

Dapre sa nou wè la a, èske li pa klè nou bezwen vire bò kote Bondye nonsèlman pou nou ka jwenn repons pou kesyon k ap twouble lèzòm yo, men tou pou nou ka jwenn solisyon pou pwoblèm nou yo? Ki sa Bondye pral fè?

Nou bezwen Bondye ede nou

Gen lontan depi lèzòm ap tann pou yo libere anba maladi ak lanmò e pou yo sispann vyeyi. Yo pase yon pakèt tan, yo fè anpil efò e yo depanse anpil lajan dèyè bagay sa yo, men rezilta yo jwenn yo toupiti oubyen yo pa jwenn rezilta ditou. Gen kèk moun ki pran remèd fèy, yo fè egzèsis, yo pase luil sent, gen peyi kote moun yo al bwè dlo nan sous yo rele fontèn jouvans ak espwa pou yo libere anba bagay sa yo. Men se desepsyon yo jwenn.

Bondye vle lèzòm viv byen e pou yo gen kè kontan. Se objektif sa a Bondye te genyen lè l te kreye yo, e li pa bliye objektif sa a (Jenèz 1:27, 28; Izayi 45:18). Jewova ban nou garanti kèlkeswa sa l vle fè l ap fè l san mank (Izayi 55:10, 11). Bib la fè nou konnen pwomès Bondye fè, li di l ap fè tè a tounen yon paradi. Paradi premye mesyedam yo te pèdi a. Men pawòl nou jwenn nan dènye liv nan Bib la: “[Jewova] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” (Revelasyon 21:4). Ki sa Bondye pral fè pou l pèmèt bèl bagay sa yo reyalize, e kòman nou ka benefisye pwomès sa a?

Jezi Kris, Pitit Bondye a, te anseye disip li yo pou yo priye pou volonte Bondye fèt. Gen anpil moun ki abitye ak priyè sa a oubyen yo konn resite l souvan, yo rele priyè sa a Nòtrepè. Men sa yo di ladan l: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:9, 10). Wi, Wayòm nan se mwayen Jewova itilize pou l mete fen ak move konsekans dominasyon lèzòm nan pote e pou l fè nou jwenn monn nouvo jis li te pwomèt la * (Dànyèl 2:44;  2 Pyè 3:13). Ki sa nou dwe fè pou nou benefisye pwomès Bondye fè a?

Jezi te atire atansyon nou sou yon bagay tou senp nou bezwen fè. Men sa l te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Wi, grasa èd Bondye, nou ka jwenn lavi etènèl nan monn nouvo a. Espwa sa a ka byen konvenk ou sou yon lòt rezon ki fè ou ka di wi pou kesyon sa a: Èske nou bezwen Bondye?

Se moman pou nou panse ak Bondye

Gen de mil an, nan Areyopaj la oubyen nan mòn Mas, ki nan Atèn, apot Pòl te di moun Atèn yo, ki te gen espri ouvè, pawòl sa yo konsènan Bondye: “Se li menm ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. Paske, se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste, jan kèk nan powèt nou yo di: ‘Nou menm tou, nou se pitit li.’” — Travay 17:25, 28.

Sa apot Pòl te atire atansyon moun Atèn yo sou li a toujou verite jodi a. Kreyatè nou an ban nou lè pou nou respire, li ban nou manje pou nou manje, li ban nou dlo pou nou bwè. Nou pa t ap ka viv san bon bagay Jewova mete la pou nou yo. Men poukisa Bondye kontinye bay tout moun bagay sa yo, kit yo panse avè l kit yo pa panse avè l? Pòl te di se paske se moman “pou yo chèche Bondye, e menm pou yo tatonnen pou yo jwenn li e pou yo jwenn li vre, byenke, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou”. — Travay 17:27.

Èske w ta renmen konnen Bondye pi byen, sa vle di, èske w ta renmen konn plis bagay sou objektif li, sou konsèy li bay pou moun ka viv byen depi kounye a e pou toutan? Si w ta renmen sa, nou ankouraje w pale ak moun ki pote peryodik sa a pou ou a oubyen kontakte Temwen Jewova yo. Y ap byen kontan ede w.

^ § 20 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou fason Wayòm nan pral fè volonte Bondye fèt sou tè a, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a. Li sou entènèt tou, ou ka telechaje l sou sit www.ps8318.com/ht.