Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L POSIB POU YON MOUN VIV APRE L FIN MOURI?

Ki sa k pase apre yon moun fin mouri?

Ki sa k pase apre yon moun fin mouri?

“Mwen te panse lè yon moun mouri gen twa kote l ka ale: nan syèl, nan lanfè oswa nan pigatwa. Mwen te panse mwen pa t ni twò bon moun pou m al nan syèl ni twò mechan pou m al nan lanfè. Sa pa t fin klè pou m konprann kiyès ki nan pigatwa. Mwen pa janm wè sa okenn kote nan Bib la. Se senpleman moun ki te konn di sa.” — Lionel

“Yo te anseye m tout moun al nan syèl apre yo fin mouri, men mwen pa t kwè sa. Mwen te panse lanmò mete fen nan tout bagay, pa gen espwa pou moun ki mouri yo.” — Fernando

Èske w konn mande tèt ou: ‘Sa k pase moun ki mouri yo toutbonvre? Èske moun nou renmen yo ki mouri ap soufri yon kote? Èske n ap jan m rewè yo ankò? Ki jan nou ka sèten?’ Tanpri ann konsidere kounye a sa Ekriti yo anseye. Toudabò, ann egzamine ak ki sa Bib la konpare lanmò. Ansuit, n ap pale sou esperans Bib la Pawòl Bondye a bay.

Nan ki kondisyon moun mouri yo ye?

REPONS BIB LA BAY: “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo pa konn anyen ditou. Epitou, yo pa gen anyen y ap jwenn ankò, paske yo bliye yo nèt. Tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou, paske pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm kote w prale a *.” — Eklezyas 9:5, 10, NW.

Yon fason senp, tonm nan se kote moun ale lè yo mouri. Se yon kote senbolik oubyen yon eta kote moun nan pa konn anyen ditou, li sispann tout aktivite li te konn fè. Ki jan Jòb yon gason fidèl te konsidere tonm nan? Li te pèdi tout byen l ak tout pitit li nan yon sèl jou, epi bridsoukou, te gen yo pakèt gwo bouton ki te leve sou tout kò l ki t ap fè l soufri anpil. Li te sipliye Jewova: “O! Pito w ta sere m nan Tonm [“nan lanfè”, selon Douay Version], pito w ta kache m jiskaske w pa fache ankò.” ​(Jòb 1:13-19; 2:7; 14:13, NW). Sa klè, Jòb pa t konprann Tonm nan se yon lanfè dife, yon kote li t apral soufri pi rèd. Okontrè, li te panse Tonm nan se yon kote l ap jwenn soulajman.

Gen yon lòt fason nou ka aprann sou kondisyon mò yo. Nou ka egzamine sa Ekriti enspire yo di konsènan uit moun ki te resisite. — Gade kare “ Uit rezirèksyon yo rapòte nan Bib la”.

Pa gen youn nan uit moun sa yo ki di yo te yon kote ki bay anpil kè kontan ni yo te yon kote yo t ap toumante. Si moun ki te resisite yo t al yon kote konsa apre yo te fin mouri, èske yo pa t ap pale de sa ak lòt moun? Epitou, èske Bondye pa t ap fè ekri sa nan Bib la, liv li enspire a, pou tout moun te ka wè sa? Pa gen okenn bagay konsa nan Ekriti yo. Li klè, uit moun ki te resisite yo pa t di anyen sou sijè sa a. Poukisa yo pa t di anyen? Paske yo pa t konn anyen, se tankou yo te nan yon pwofon somèy. Anfèt, kèk fwa, Bib la sèvi ak egzanp moun k ap dòmi pou l esplike sa lanmò ye. Pa egzanp, David ak Etyèn, de moun fidèl, t ap “dòmi nan lanmò”. — Travay 7:60; 13:36.

Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo? Èske yo ka leve sot nan dòmi sa a?

^ § 7 Nan Tradiksyon monn nouvo a, yo sèvi ak mo “Tonm” nan pou yo tradui mo ebre ki bay “Cheyòl” la ak mo grèk “Adès” la. Gen kèk vèsyon Labib ki itilize mo “lanfè”, men ide ki fè konprann lè yon moun mouri l al toumante nan yon dife lanfè a pa nan Ekriti yo.