Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou kesyon fè jèn nan?

Ki sa Bib la di sou kesyon fè jèn nan?

Repons Bib la bay

 Nan epòk yo t ap ekri Bib la, lè moun te fè jèn nan bon entansyon, Bondye te aksepte sa. Men, lè yo pa t gen bon rezon pou yo fè l, yo pa t jwenn favè Bondye. Nan epòk pa nou an, Labib pa ni mande nou fè jèn ni li pa entèdi nou fè l.

Nan ki sikonstans kèk moun yo pale de yo nan Bib la te fè jèn?

  •   Lè yo t ap chèche èd ak direksyon nan men Bondye. Moun ki t ap vwayaje tounen Jerizalèm yo te fè jèn pou yo montre Bondye yo te sensè lè yo te mande l pou l ede yo (Esdras 8:21-23). Pafwa, Pòl ak Banabas te chwazi fè jèn lè yo te gen pou yo chwazi ansyen nan kongregasyon an. — Travay 14:23.

  •   Lè yo te konsantre sou objektif Bondye. Apre Jezi te fin batize, li te fè jèn pandan 40 jou pou l te prepare tèt li pou l fè volonte Bondye. — Lik 4:1, 2.

  •   Lè yo te vle montre yo repanti pou peche yo te fè. Men sa Bondye te di Izrayelit ki pa t fidèl yo pa mwayen pwofèt Jowèl: “Tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou. Se pou nou fè jèn, se pou n kriye e se pou n rele!” — Jowèl 2:12-15.

  •   Lè yo te nan Jou Pirifikasyon an. Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te gen ladan l kòmandman pou yo fè jèn nan Jou Pirifikasyon an a chak ane (Levitik 16:29-31). Li te nòmal pou yo fè jèn nan okazyon sa a paske sa te fè Izrayelit yo sonje yo enpafè e yo bezwen Bondye padone yo.

Kèk move rezon pou moun fè jèn

  •   Pou fè moun wè. Jezi te fè konnen fè jèn nan adorasyon Bondye a se yon bagay pèsonèl ant yon moun avèk Bondye. — Matye 6:16-18.

  •   Pou yon moun fè kwè li jis. Lè yon moun fè jèn, sa pa fè l vin pi bon pase lòt moun ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. — Lik 18:9-14.

  •   Pou yon moun eseye kouvri peche l ap pratike. (Ezayi 58:3, 4). Bondye aksepte sèlman jèn moun ki obeyi l e ki repanti toutbon pou peche yo fè yo.

  •   Pou suiv yon koutim nan yon relijyon. (Ezayi 58:5-7). Nan sans sa a, Bondye menm jan ak yon paran ki pa kontan lè pitit li montre l renmen l senpleman paske li oblije fè sa, san se pa nan kè l sa soti.

Èske kretyen yo oblije fè jèn?

 Non. Bondye te mande Izrayelit yo pou yo fè jèn Jou Pirifikasyon an, men depi apre Jezi te fin peye pou peche moun ki repanti yo yon fwa pou tout, Bondye elimine fèt sa a (Ebre 9:24-26; 1 Pyè 3:18). Kretyen yo pa anba Lwa Moyiz la, e Jou Pirifikasyon an te fè pati lwa sa a (Women 10:4; Kolosyen 2:13, 14). Se sa k fè, se chak kretyen k ap deside si l ap fè jèn oswa si l pap fè l. — Women 14:1-4.

 Kretyen yo rekonèt fè jèn se pa objektif adorasyon y ap bay Bondye a. Labib pa janm montre fè jèn gen rapò ak kè kontan. Men, adorasyon kretyen yo ap bay la se yon adorasyon ki gen lajwa ladan l, sa ki mache ak pèsonalite Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Timote 1:11; Eklezyas 3:12, 13; Galat 5:22.

Sa anpil moun panse sou fason Bib la konsidere fè jèn

 Sa ki pa verite: Apot Pòl te mande kretyen ki marye yo pou yo fè jèn. — 1 Korentyen 7:5, Labib wa Jak.

 Sa ki verite: Maniskri ki pi ansyen yo pa pale de fè jèn nan 1 Korentyen 7:5 b. Li klè, moun ki t ap kopye Bib yo te mete kesyon fè jèn nan nonsèlman nan vèsè sa a, men tou nan Matye 17:21; Mak 9:29 ak Travay 10:30. Pifò tradiksyon Labib ki fèt nan epòk nou an retire kesyon fè jèn nan vèsè sa yo paske pa t gen sa ladan yo.

 Sa ki pa verite: Kretyen yo dwe fè jèn pou yo montre yo sonje 40 jou Jezi te fè jèn nan dezè a apre l te fin batize a.

 Sa ki verite: Jezi pa t janm bay lòd pou moun fè yon jèn konsa, nitou pa gen okenn kote nan Bib la yo montre premye kretyen yo te konn fè l c.

 Sa ki pa verite: Kretyen yo dwe fè jèn lè y ap selebre lanmò Jezi.

 Sa ki verite: Jezi pa t bay disip li yo lòd pou yo fè jèn lè y ap selebre lanmò l (Lik 22:14-18). Se vre Jezi te di disip li yo t ap fè jèn lè l mouri, men li pa t bay yon lòd, li te sèlman fè konnen sa k t apral pase (Matye 9:15). Labib mande kretyen ki grangou yo pou yo manje lakay yo anvan yo vin asiste Memoryal lanmò Jezi a. — 1 Korentyen 11:33, 34.

a Bondye te di Izrayelit yo: “Nou dwe nan lapenn” nan jou Pirifikasyon an (Levitik 16:29, 31; Labib wa Jak). Ekspresyon sa a gen sans fè jèn (Ezayi 58:3). Se sa k fè, men ki jan yon lòt tradiksyon (Contemporary English Version) mete l: “Nou pa dwe manje pou nou ka montre nou nan lapenn akoz peche nou yo.”

b Gade A Textual Commentary on the Greek New Testament, twazyèm edisyon, paj 554, Bruce M. Metzger fè.

c Anrapò ak kote 40 jou jèn pou penitans lan soti, men sa yon ansiklopedi katolik (New Catholic Encyclopedia) fè konnen: “Nan twa premye syèk yo, moun yo pa t konn fè plis pase yon semèn ap fè jèn kòm preparasyon pou fèt Pak la; an jeneral, yo te fè jèn pandan yon jou oswa de jou pou pi plis. [...] Premye fwa yo pale de peryòd 40 jou jèn nan se nan senkyèm kanon Konsil Nise a (325), malgre kèk biblis pa fin dakò yo te vle pale de penitans ladan l.” — Dezyèm edisyon, volim 8, paj 468.