Al gade sa k anndan l

Èske Jezi te resisite antanke yon moun oswa antanke yon espri?

Èske Jezi te resisite antanke yon moun oswa antanke yon espri?

Repons Bib la bay

 Labib di yo te “touye [Jezi] nan lachè, men li te jwenn lavi antanke espri”. — 1 Pyè 3:18; Travay 13:34; 1 Korentyen 15:45; 2 Korentyen 5:16.

 Jezi te di yon pawòl ki montre li pa t ap resisite ak yon kò lachè ak san. Li te di ‘pen l ap bay pou moun nan monn nan ka gen lavi a se chè l’. (Jan 6:51; Matye 20:28.) Si l te repran kò chè a apre l fin resisite, li t ap anile sakrifis ranson an. Men, sa pa t ap fèt paske Bib la di li te bay chè l ak san l “yon fwa pou tout”. — Ebre 9:11, 12.

Si Jezi te resisite antanke espri, kòman disip li yo te fè wè l?

  •  Espri yo ka pran fòm kò moun. Pa egzanp, gen zanj ki te fè sa nan tan lontan e yo te menm manje epi bwè ak moun sou tè a (Jenèz 18:1-8; 19:1-3). Sepandan, yo te toujou rete espri e yo te ka kite tè a. — Jij 13:15-21.

  •  Apre Jezi fin resisite, Jezi te pran fòm kòm moun pandan yon ti tan tou, menm jan kèk zanj te fè sa anvan. Antanke espri, li te kapab parèt epi disparèt sanzatann (Lik 24:31; Jan 20:19, 26). Kò li te pran yo pa t sanble youn ak lòt. Se sa k fè, se pawòl li ak aksyon li ki te pèmèt bon zanmi l yo rekonèt li. — Lik 24:30, 31, 35; Jan 20:14-16; 21:6, 7.

  •  Lè Jezi te parèt devan apot Toma, li te pran yon kò ki te gen mak ladan l. Li te fè sa pou l ede lafwa Toma vin pi djanm, paske Toma pa t kwè Jezi te resisite. — Jan 20:24-29.