Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Revizyon seksyon 2

Revizyon seksyon 2

Egzamine kesyon sa yo ak moun k ap anseye w la:

  1. Ki sa Bondye pral fè ak fo relijyon?

    (Gade leson 13.)

  2. Li Egzòd 20:4-6.

    • Ki jan Jewova santi l lè l wè yon seri moun ap sèvi ak imaj nan adorasyon yo di y ap ba li?

      (Gade leson 14.)

  3. Kiyès Jezi ye?

    (Gade leson 15.)

  4. Kiyès nan kalite Jezi genyen yo ou pi renmen?

    (Gade leson 17.)

  5. Li Jan 13:34, 35 ak Travay 5:42.

    • Ki moun ki kretyen toutbon jodi a? Ki sa k montre w yo se kretyen toutbon?

      (Gade leson 18 ak 19.)

  6. Kiyès ki chèf kongregasyon an, e ki jan l dirije l?

    (Gade leson 20.)

  7. Li Matye 24:14.

    • Ki jan pwofesi sa a ap reyalize jodi a?

    • Ak kiyès ou deja pataje bon nouvèl la?

      (Gade leson 21 ak 22.)

  8. Èske w ap jwenn anpil benediksyon lè w batize? Sa k fè w panse sa?

    (Gade leson 23.)

  9. Ki jan w kapab jwenn pwoteksyon kont Satan ak demon yo?

    (Gade leson 24.)

  10. Ki sa Bondye vle pou nou?

    (Gade leson 25.)

  11. Ki sa k fè lèzòm soufri e yo mouri?

    (Gade leson 26.)

  12. Li Jan 3:16.

    • Ki sa Jewova fè pou l sove nou anba peche ak lanmò?

      (Gade leson 27.)

  13. Li Eklezyas 9:5.

    • Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?

    • Ki sa Jezi pral fè pou plizyè milya moun ki mouri yo?

      (Gade leson 29 ak 30.)

  14. Sa k fè Wayòm Bondye a pi bon pase tout lòt gouvènman?

    (Gade leson 31 ak 33.)

  15. Èske w kwè Wayòm Bondye a deja ap dirije? Sa k fè w kwè sa? Ki lè l te kòmanse dirije?

    (Gade leson 32.)