Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 25

Ki sa Bondye vle pou nou?

Ki sa Bondye vle pou nou?

Bib la rekonèt lavi lèzòm “kout e li chaje ak pwoblèm”. (Jòb 14:1.) Èske se sa Bondye vle pou nou? Si se pa sa, kòman Bondye te vle pou nou viv? Èske n ap janm rive viv jan Bondye vle nou viv la? Annou gade repons Bib la bay sou sa, repons k ap ankouraje nou.

1. Ki jan Jewova vle pou nou viv?

Jewova vle nou viv pi bon fason ki te ka genyen an. Lè l te kreye Adan ak Èv, de premye moun yo, li te mete yo nan jaden Edenn nan ki te yon bèl paradi. Apre sa, “Bondye te beni yo e li te di yo: ‘Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.’” (Jenèz 1:28). Jewova te vle pou yo fè pitit, pou yo fè tout tè a vin yon paradi e pou yo pran swen bèt yo. Li te vle pou tout moun gen yon sante ki pafè e pou yo viv ak kè kontan pou toutan.

Byenke bagay yo pa pase konsa a, objektif Bondye pa chanje (Ezayi 46:10, 11). Li toujou vle moun ki obeyisan yo viv pou toutan e yon fason ki pafè. — Li Revelasyon 21:3, 4.

2. Ki jan nou ka fè lavi nou gen sans depi kounye a?

Jewova kreye nou ak kapasite pou nou ‘pran konsyans nou bezwen l’, sa vle di li kreye nou yon fason pou nou anvi konnen l e pou nou anvi adore l. (Li Matye 5:3-6.) Li vle pou nou bon zanmi l, “pou nou mache nan tout chemen l yo, pou nou renmen l” e pou nou sèvi l “ak tout kè nou”. (Detewonòm 10:12; Sòm 25:14.) Lè nou fè sa, nou kapab gen kè kontan toutbon menm lè nou gen pwoblèm. Lè nou adore Jewova, nou santi lavi nou gen sans toutbon, paske nou viv fason li vle nou viv la.

FOUYE PLIS

Gade ki jan Jewova te demontre anpil lanmou nan fason l te kreye tè a pou nou e nan sa Pawòl li a anseye nou sou fason nou ka viv pi byen.

3. Jewova vle lèzòm viv byen

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Poukisa Bondye te kreye bèl tè n ap viv sou li a?

Li Eklezyas 3:11, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa sa aprann ou sou Jewova?

4. Sa Jewova vle pou nou an pa chanje

Li Sòm 37:11, 29 ak Ezayi 55:11, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan nou fè konnen Jewova toujou vle pou lèzòm viv byen?

5. Lè nou adore Jewova, sa fè lavi nou gen sans toutbon

Lè nou konnen sa Jewova vle pou nou, sa ka fè nou gen kè kontan. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki byenfè Terumi te jwenn lè l te vin konnen ki sa Jewova vle pou nou?

Li Eklezyas 12:13, epi reponn kesyon sa a:

  • Lè nou konnen tout sa Jewova fè pou nou ki sa nou ka fè pou nou montre rekonesans nou gen pou li?

SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa n ap viv?”

  • Ki jan w t ap reponn?

SA W TE APRANN

Jewova vle nou viv pou toutan yon fason ki pafè sou tè a. Lè nou adore l ak tout kè nou lavi nou gen yon sans toutbon depi kounye a.

Revizyon

  • Ki sa Jewova te vle pou Adan ak Èv depi okòmansman?

  • Ki jan nou fè konnen sa Jewova te vle pou lèzòm nan pa chanje?

  • Ki jan w ka jwenn vrè sans lavi a?

Objektif

APRANN PLIS

Gade prèv ki montre jaden Edenn nan te egziste toutbon.

“Èske jaden Edenn nan te egziste vre?” (Toudegad 1ye janvye 2011)

Aprann poukisa nou kapab sèten tè a ap la pou toutan.

“Èske y ap detwi tè a?” (Atik sou Entènèt)

Gade sa Bib la di sou fason lavi w kapab gen sans toutbon.

“Pou ki rezon nou sou tè a?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki jan yon mesye ki te panse l gen tout bagay te vin jwenn sa l te manke nan lavi l.

Kounye a, lavi m gen yon sans (3:55)

a Nan leson k ap vin apre a, nou pral wè poukisa bagay yo pa fèt jan Bondye te vle l la.