Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 45

Poukisa kretyen yo pa mele nan politik e yo pa patisipe nan lagè?

Poukisa kretyen yo pa mele nan politik e yo pa patisipe nan lagè?

Jezi te fè konnen disip li yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Youn nan aspè ki genyen nan pa fè pati monn nan, sèke yo pa pran pozisyon nan zafè politik monn nan ak nan lagè. Sa pa toujou fasil. Petèt yo ka pase nou nan rizib poutèt sa. Ki fason nou ka montre nou pa mele nan zafè politik monn nan, nou pa patisipe nan lagè e nou ret fidèl ak Jewova?

1. Ki jan vrè kretyen yo konsidere gouvènman lèzòm yo?

Kretyen yo gen respè pou gouvènman yo. Antanke kretyen, nou fè sa Jezi te di nou fè a, nou “bay Seza sa k pou Seza”, sa vle di nou obeyi lwa gouvènman yo. Pa egzanp, nou peye taks yo mande yo (Mak 12:17). Bib la fè konnen sèl rezon ki fè gouvènman yo ap dirije jodi a se paske Jewova pèmèt sa (Women 13:1). Se sa k fè nou konprann otorite gouvènman yo genyen an se yon otorite ki limite. Nou mete espwa nou nan Bondye nou an ak nan Wayòm li an ki nan syèl la pou rezoud pwoblèm lèzòm yo.

2. Ki jan nou ka montre nou pa mele nan politik e nou pa patisipe nan lagè?

Menm jan ak Jezi nou pa mele nan politik. Gen yon seri moun ki te wè youn nan mirak Jezi te fè yo e ki te vle fè l vin wa yo, men li pa t kite yo fè sa (Jan 6:15). Poukisa? Li te bay rezon an lè l te di pi devan: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 18:36). Antanke disip Jezi, nou montre nou pa mele nan zafè politik monn nan divès fason. Pa egzanp, nou pa al nan lagè. (Li Miche 4:3.) Nou respekte senbòl nasyonal yo, tankou drapo yo, men, nou pa adore yo (1 Jan 5:21). Epi nou pa pran pozisyon pou okenn pati politik ak okenn kandida, nitou nou pa kont yo. Nan fason sa yo ak nan lòt fason ankò nou montre jan nou fidèl ak gouvènman Bondye a, sa vle di Wayòm Bondye a.

FOUYE PLIS

Egzamine kèk sitiyasyon kote l ka difisil pou w pa mele nan politik e pou w pa patisipe nan lagè, epi gade fason w ka pran desizyon k ap fè Jewova plezi.

3. Vrè kretyen yo pa mele nan politik e yo pa patisipe nan lagè

Jezi ak disip li yo kite yon bèl egzanp pou nou. Li Women 13:1, 5-7 ak 1 Pyè 2:13, 14. Epi, gade VIDEYO a, apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Poukisa nou dwe respekte otorite yo?

  • Ki fason nou montre nou soumèt devan yo?

Lè gen lagè gen kèk peyi ki fè konnen yo pa pran pozisyon pou yon kan oswa yon lòt, men yo ede toule de kan yo. Ki sa sa vle di pou nou pa mele nan politik e pou nou pa patisipe nan lagè? Li Jan 17:16. Epi, gade VIDEYO a apre sa reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki sa sa vle di pou nou pa mele nan politik e pou nou pa patisipe nan lagè?

Ki sa nou ta dwe fè si otorite yo ta mande nou fè yon bagay ki pa ann amoni ak lwa Bondye yo? Li Travay 5:28, 29. Epi, gade VIDEYO a apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Si lèzòm bay yon lwa ki depaman ak lwa Bondye, lwa kiyès w ap suiv?

  • Nan ki sitiyasyon w panse kretyen yo pa ta dwe obeyi otorite yo?

4. Ni nan panse kretyen yo, ni nan aksyon yo, yo pa mele nan politik ak lagè

Li 1 Jan 5:21. Epi, gade VIDEYO a apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, poukisa Ayenge pa t antre nan pati politik la, ni li pa t patisipe nan seremoni nasyonal tankou salye drapo?

  • Èske w panse se te yon bon desizyon?

Ki lòt sitiyasyon ki ka fè n santi li difisil pou nou pa mele nan zafè politik oswa patisipe nan lagè? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki sa k ka ede nou pou nou pa mele nan zafè politik lè n ap gade konpetisyon entènasyonal?

  • Ki jan nou ka fè pou nou pa mele nan zafè politik e nan lagè, si desizyon politisyen yo pran yo gen efè sou nou menm pèsonèlman?

  • Ki jan nouvèl yo bay yo oswa moun nou pase tan avèk yo kapab gen efè sou nou nan kesyon pa mele nan politik oswa patisipe nan lagè?

Nan ki sitiyasyon yon kretyen dwe veye pou l pa mele nan politik ni nan panse l, ni nan aksyon l?

SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa w pa salye drapo e w pa chante im nasyonal?”

  • Ki repons ou t ap bay?

SA W TE APRANN

Kretyen yo fè anpil efò pou yo pa mele nan politik ni nan panse yo, ni nan pawòl yo, ni nan aksyon yo.

Revizyon

  • Ki sa nou dwe bay gouvènman yo?

  • Poukisa nou pa mele nan politik?

  • Nan ki sitiyasyon nou ka santi l difisil pou nou pa mele nan politik?

Objektif

APRANN PLIS

Ki sakrifis nou ka bezwen fè pou nou pa mele nan politik?

Jewova pa janm lage nou (3:14)

Ki sa fanmi yo ka fè pou yo prepare yo pou lè yo nan sitiyasyon kote li ka difisil pou yo pa mele nan politik?

Kenbe netralite w lè w an piblik (4:25)

Poukisa lè yon moun defann peyi l se pa pi gwo onè ki genyen?

“Pou Bondye, tout bagay posib” (5:19)

Gade ki jan w ka pa fè pati monn nan lè w ap pran desizyon ki gen rapò ak ki travay w ap fè.

“Chak moun ap pote pwòp chay pa l” (Toudegad 1ye avril 2006)