Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 09

Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè

Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè

Èske w konn santi w bezwen yon moun gide w nan lavi a? Èske gen kesyon enpòtan w ta renmen jwenn repons pou yo? Èske w bezwen konsolasyon? Èske w ta renmen santi w pi pwòch ak Jewova? Lapriyè ka ede w jwenn tout bagay sa yo. Men, ki jan pou nou priye? Èske Bondye tande tout priyè? Ki sa w ka fè pou w sèten l ap tande priyè pa w yo? Leson sa a pral ede w wè sa.

1. Kiyès nou dwe priye e pou ki bagay nou ka priye l?

Jezi te fè konnen se Papa nou ki nan syèl la sèlman nou dwe priye. Jezi te konn priye Jewova. Men sa l te di: “Men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la [...].’” (Matye 6:9). Lè nou priye Jewova, nou vin pi bon zanmi l.

Nou kapab priye pou prèske tout bagay. Men, pou Bondye reponn priyè nou yo, yo dwe ann amoni ak volonte l. “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” (1 Jan 5:14). Jezi te fè konnen kèk bagay nou ka priye pou yo. (Li Matye 6:9-13.) Nonsèlman nou kapab priye pou sa k ap trakase nou, men tou, nou pa dwe bliye pou n di Bondye mèsi pou sa li fè pou nou e pou n mande l ede lòt moun tou.

2. Ki jan nou dwe priye?

Bib la ankouraje nou pou nou ‘ouvri kè nou bay Bondye’. (Sòm 62:8.) Kidonk, priyè nou fè yo dwe sensè e yo dwe sot nan kè nou. Nou ka priye awotvwa oswa nou ka priye nan kè nou e nou ka fè sa nan nenpòt pozisyon ki demontre respè pou Jewova. Nou ka priye nenpòt ki lè e kèlkeswa kote nou ye.

3. Ki jan Bondye reponn priyè nou yo?

Li fè sa divès fason. Jewova ban nou Labib, Pawòl li a, e byen souvan nou jwenn repons kesyon nou yo ladan l. Nou bezwen li Pawòl Bondye a, paske li “fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj”. (Sòm 19:7; li Jak 1:5.) Bondye ka fè lespri nou anpè lè n ap fè fas ak difikilte. E li ka pouse sèvitè l yo ede nou lè n vrèman bezwen sa.

FOUYE PLIS

Aprann ki jan w ka fè priyè ki soti nan kè w ki fè Bondye plezi epi aprann ki jan lapriyè ka bon pou ou.

4. Sa Bondye vle nou fè pou l koute priyè nou yo

Ki sa k fè gen priyè Bondye koute e genyen l pa koute? Gade VIDEYO a.

Jewova vle nou priye l. Li Sòm 65:2, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w panse Sila a “ki tande lapriyè” a vle ou priye l? Sa k fè se konsa w reponn?

Nou dwe fè efò pou nou obeyi prensip Bondye yo si nou vle l koute priyè nou yo. Li Miche 3:4 ak 1 Pyè 3:12, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa nou ka fè pou nou sèten Bondye ap koute priyè nou yo?

Pandan yon gè, toule de kan yo gendwa ap priye pou yo jwenn laviktwa, èske li nòmal pou nou panse Bondye ap reponn priyè yo fè yo?

5. Priyè nou yo ta dwe soti nan kè nou

Gen moun ki aprann yon seri priyè pakè e se resite yo toujou resite priyè yo. Men, èske se konsa Bondye vle nou priye l? Li Matye 6:7, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w ka evite “plede repete menm bagay yo” nan priyè w yo?

Chak jou eseye reflechi sou yon benediksyon ou gen nan lavi w epi di Jewova mesi pou benediksyon sa a. Fè sa chak jou pandan yon semèn e w ap wè nan fen semèn nan ou te priye pou sèt bagay diferan san w pa t plede repete menm bagay la toutan.

Yon bon papa vle pitit li di l sa k nan kè l. Se konsa tou, Jewova vle nou fè priyè ki sot nan kè nou.

6. Lapriyè se yon kado Bondye bay

Ki jan lapriyè ka pèmèt nou gen fòs ni nan bon moman ni nan move moman? Gade VIDEYO a.

Labib pwomèt nou lapriyè ka ede nou santi nou kalm. Li Filipyen 4:6, 7, epi reponn kesyon sa yo:

  • Menm lè lapriyè pa toujou retire pwoblèm nou yo, ki jan l ka ede nou?

  • Bay kèk bagay ou ta renmen priye pou yo.

Èske w te konnen?

Mo “amèn” nan vle di “se konsa pou sa ye” oswa “se sèten”. Depi nan epòk yo t ap ekri Bib la, yo te konn di “amèn” nan fen priyè yo. — 1 Kwonik 16:36.

7. Rezève tan pou w priye

Pafwa, nou konn tèlman okipe nou bliye priye. Ki enpòtans lapriyè te gen pou Jezi? Li Matye 14:23 ak Mak 1:35, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa Jezi te fè pou l ka jwenn tan pou l priye?

  • Ki lè w ka jwenn tan pou w priye?

GEN MOUN KI DI: “Lapriyè pa ede moun vre, li annik fè w santi w pi byen.”

  • Ki sa w t ap di yo?

SA W TE APRANN

Lè nou priye ak tout kè nou, sa fè nou vin pi pwòch Bondye, sa fè lespri nou anpè e nou jwenn fòs nou bezwen pou n fè Jewova plezi.

Revizyon

  • Kiyès nou dwe priye?

  • Ki jan nou dwe priye?

  • Bay kèk byenfè nou jwenn lè nou priye.

Objektif

APRANN PLIS

Chèche jwenn repons pou kèk kesyon moun konn poze souvan sou lapriyè.

“Sèt bagay nou bezwen konnen sou lapriyè” (Toudegad 1ye oktòb 2010)

Aprann ki rezon enpòtan nou genyen pou nou priye ak fason nou ka priye pi byen.

“Poukisa m ta dwe priye?” (Atik sou Entènèt)

Gade sa Bib la di konsènan kiyès nou dwe priye.

“Èske mwen dwe priye sen yo?” (Atik sou Entènèt)

Nan videyo mizik sa a, gade pou w wè si kote n ap priye ak lè n ap priye enpòtan.

Priye toutan (1:22)