Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bondye te fè?

Ki sa Bondye te fè?

Si w vle konnen yon moun byen, l ap bon pou w aprann konnen sa l fè ak sa l te pase pou l rive fè yo. Menm jan an tou, si w vle konnen Bondye byen, ou bezwen aprann konnen sa l fè. Pandan w ap fè sa, w ap sezi wè jis nan ki pwen sa l te fè lontan yo fè nou jwenn byenfè jodi a, e yo pral fè nou jwenn byenfè tou alavni.

BONDYE TE KREYE TOUT BAGAY POU BYEN NOU

Jewova Dye se Gran Kreyatè a, epi “kalite li yo ki envizib [...] parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo”. (Women 1:20.) “Bondye se Sila a ki fè tè a grasa fòs li, se li ki tabli tè a grasa sajès li e ki ouvri syèl la tankou yon dra grasa bon konprann li.” (Jeremi 10:12). Bèl bagay Bondye kreye yo fè n wè tou li enterese nan nou.

Jewova te fè nou pou nou viv yon fason espesyal, lefètke li te fè nou “pòtre ak li”. (Jenèz 1:27.) Sa vle di li ban nou posiblite pou n imite bèl kalite l yo, menmsi se toupiti. Li fè n yon fason pou n kapab konprann fason l panse ak prensip li yo. Tank n ap fè efò nan sans sa a, se tank n ap gen plis kè kontan e lavi n ap gen plis sans. Mete sou sa, li ban nou kapasite pou n gen bon relasyon avè l.

Lè n gade tout sa Bondye kreye sou tè a, nou kapab wè jan l renmen nou. Apot Pòl te fè konnen Bondye “pa t sispann bay temwayaj sou tèt li paske li fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa”. (Travay 14:17.) Bondye ban nou plis bagay lontan pase sa n bezwen pou n viv. Li ban nou yon pil ak yon pakèt bagay ki diferan youn ak lòt pou n ka pran plezi nan lavi a. Sa ban nou yon ti apèsi sou tout sa Bondye te gen nan objektif li pou nou.

Jewova te kreye tè a yon fason pou lèzòm te ka viv sou li pou toutan. Labib fè konnen Bondye ‘pa t kreye tè a pou granmesi, men l te fè l pou moun rete sou li’. (Sòm 115:16; Ezayi 45:18.) Ki moun ki t ap abite sou tè a, e pou konbyen tan yo t ap abite sou li? Men sa Labib di: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

Anfèt, Jewova te kreye Adan ak Èv, premye gason an ak premye fi a, e li te mete yo nan yon paradi sou tè a pou yo ‘travay li e pou yo pran swen l’. (Jenèz 2:8, 15.) Bondye te ba yo yon lòt bèl responsablite ki te gen de aspè enpòtan ladan l: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.” (Jenèz 1:28). Se sa k fè nou kapab di Adan ak Èv te gen espwa pou yo jwi lavi pou toutan sou tè a. Malerezman, yo te chwazi dezobeyi Bondye, sa te fè yo pèdi posiblite yo te genyen pou yo pami “moun ki jis” ki gen “pou yo posede tè a”. Men, jan nou pral wè sa, fason yo te aji a pa t fè Jewova chanje objektif li te gen pou lèzòm ak pou tè a. Toudabò, ann wè yon lòt bagay Bondye te fè.

BONDYE BAN NOU PAWÒL LI TE FÈ EKRI A

Yo rele Bib la Pawòl Bondye. Poukisa Jewova ban nou Bib la? Premye rezon ki fè Bondye ban nou Bib la se pou nou ka aprann konnen l (Pwovèb 2:1-5). Se vre, Bib la pa bay repons pou tout kesyon nou ta ka genyen sou Bondye, dayè, pa gen okenn liv ki ka fè sa (Eklezyas 3:11). Men, Bib la la pou ede n konnen Bondye. Nou konprann kiyès li ye nan fason li boule ak moun. Nou wè ki jan de moun li renmen e ki jan de moun li pa renmen (Sòm 15:1-5). Nou aprann konnen fason li wè adorasyon moun ap bay, fason li wè sa ki byen ak sa ki mal ak bagay materyèl. Epitou, Labib gen pawòl Jezi Kris, Pitit Jewova a, te di ak aksyon l te fè, konsa Labib fè n pi byen konprann kalite Jewova yo. — Jan 14:9.

Yon lòt rezon ki fè Jewova ban nou Labib, Pawòl li a, se pou nou ka konnen fason pou n viv pou n ka gen kè kontan e pou lavi n ka gen sans. Nan Bib la, Jewova di nou sa pou n fè pou fanmi nou ka gen kè kontan, pou n ka satisfè ak sa n genyen e pou n ka fè fas ak tètchaje yo. Epi, jan nou esplike sa annapre nan peryodik sa a, Bib la gen repons pou yon seri gwo kesyon moun konn poze, tankou: Poukisa gen tout soufrans sa yo? Ki sa demen sere pou nou? Bib la esplike nou tou ki sa Bondye deja fè pou objektif li genyen depi okòmansman an kapab reyalize.

Gen anpil lòt fason ankò nou ka wè Bib la se yon liv ki vrèman espesyal e se Bondye ki te fè ekri l. Se anviwon 40 gason ki te ekri l e sa te pran 1 600 ane pou yo fin ekri l, men, aktout sa, li gen yon sèl tèm, paske se Bondye ki Mèt li (2 Timote 3:16). Gen anpil liv ki te la lontan lontan ki disparèt. Men Bib la li menm Bondye te pwoteje l pandan tout tan ki pase yo rive jis jodi a, jan plizyè milye ansyen maniskri sou Bib la fè n wè sa. Anplis, Labib kontinye egziste malgre tout sa yo fè pou yo te anpeche yo tradui l, pibliye l epi li l. Bib la se liv yo plis pibliye e yo plis tradui nan epòk nou an. Lefètke Labib egziste, se yon prèv ki montre “pawòl Bondye nou an la pou toutan”. — Ezayi 40:8.

BONDYE BAY GARANTI OBJEKTIF LI AP REYALIZE

Gen yon lòt bagay Bondye fè ki ban nou garanti l ap reyalize objektif li gen pou nou an. Jan n te deja pale de sa, Bondye te gen objektif pou lèzòm viv sou tè a pou toutan. Sepandan, lè Adan te chwazi dezobeyi Bondye e li te peche a, Adan te pèdi posiblite l te genyen pou li menm ansanm ak pitit li t apral genyen yo gen lavi ki pap janm fini an. Men sa Labib fè konnen: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Women 5:12). Lè Adan te dezobeyi Bondye a, se te kòmsi objektif Bondye te genyen pou tè a pa t ap reyalize. Ki sa Jewova te fè?

Aksyon Jewova fè mache ak kalite l. Bondye te rann Adan ak Èv responsab sa yo te fè a, men nan lanmou li, li te pran dispozisyon konsènan desandan yo t apral genyen yo. Piske Jewova saj, li te gentan wè kòman pou l jere sitiyasyon an, epi byen vit li te bay yon solisyon (Jenèz 3:15). Grasa Jezi Kris, Pitit Bondye a, Bondye t ap delivre nou anba peche ak lanmò. Ki jan?

Pou Jewova delivre lèzòm anba konsekans peche Adan an, li te voye Jezi vin sou tè a pou l montre moun yo wout k ap fè yo jwenn lavi a epi pou l “bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. * (Matye 20:28; Jan 14:6.) Jezi te anmezi pou l bay ranson an paske li te pafè menm jan ak Adan. Men, kontrèman ak Adan, Jezi te rete obeyisan yon fason ki pafè pou jis li mouri. Piske Jezi pa t merite mouri, Jewova te resisite l pou l retounen viv nan syèl la. Donk, Jezi te ka fè sa Adan pa t rive fè a, sa vle di, bay moun ki obeyi Bondye yo espwa pou yo gen lavi ki pap janm fini an. Men sa Labib di: “Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun anpil moun te vin pechè, se konsa tou grasa obeyisans yon sèl moun anpil moun ap vin jis.” (Women 5:19). Grasa sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, Bondye ap reyalize objektif li genyen pou lèzòm viv sou tè a pou toutan an.

Nou aprann anpil bagay sou fason Jewova te jere tout sa dezobeyisans Adan an te lakòz. Nou konprann pa gen anyen ki ka anpeche Jewova fini sa l te kòmanse; pawòl li ap toujou “fè sa l voye l fè a”. (Ezayi 55:11.) Epitou, nou kontan wè jis nan ki pwen Jewova renmen nou. “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li.” — 1 Jan 4:9, 10.

Bondye “pa t menm epaye pwòp Pitit Gason li a, men li te bay li pou nou tout”, konsa, nou gen asirans Bondye ap “byen kontan ban nou tout lòt bagay” li te pwomèt yo (Women 8:32). Ki sa Bondye te pwomèt l ap fè pou nou? Ann kontinye li.

KI SA BONDYE TE FÈ? Jewova te fè lèzòm pou yo viv sou tè a pou toutan. Li ban nou Bib la pou n ka aprann konnen l. Jewova te voye Jezi Kris vin bay lavi l kòm ranson, konsa li bay garanti l ap reyalize objektif li.

^ § 16 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou ranson an, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Li sou sit www.ps8318.com/ht a.