Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 17

Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann

Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann

1 Korentyen 14:9.

SA POU W FÈ: Ede moun k ap koute w yo konprann sans mesaj ou a.

FASON POU W FÈ SA:

  • Byen egzamine enfòmasyon yo. Chèche byen konprann sijè a pou w ka esplike l yon fason ki senp ak mo pa w.

  • Sèvi ak fraz ki kout ak ekspresyon ki senp. Byenke pa gen pwoblèm pou w sèvi ak fraz ki long, lè w ap pale sou pwen prensipal yo, itilize fraz ak ekspresyon ki kout.

  • Esplike mo moun yo pa abitye tande. Pa twò itilize ekspresyon moun k ap koute w yo pa abitye tande. Si w oblije di yon mo yo pa abitye tande, non yon moun Bib la pale de li oswa yon mezi oubyen yon koutim nan tan lontan, bay yon esplikasyon.