Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 4

Byen entwodui vèsè yo

Byen entwodui vèsè yo

Matye 22:41-45.

SA POU W FÈ: Prepare lespri moun k ap koute w yo anvan w li yon vèsè.

FASON POU W FÈ SA:

  • Reflechi sou rezon ki fè w li vèsè sa a. Entwodui chak vèsè yon fason k ap ede moun k ap koute w yo wè pwen enpòtan ou vle fè parèt nan vèsè a.

  • Montre se sa Bib la di ki pi enpòtan. Lè w ap pale ak yon moun ki kwè nan Bondye, atire atansyon l sou Bib la antanke Pawòl Bondye, konsa, w ap montre Bib la se pi bon mwayen pou yon moun jwenn sajès.

  • Fè moun yo enterese nan vèsè a. Poze yon kesyon moun yo ap jwenn repons lan nan vèsè a, pale de yon pwoblèm vèsè a ap ede yo jwenn solisyon an, oswa site yon prensip k ap parèt nan sa vèsè a di a.