Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 18

Enstwi moun k ap koute w yo

Enstwi moun k ap koute w yo

1 Korentyen 9:19-23.

SA POU W FÈ: Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo reflechi, fè yo santi yo te aprann yon bagay ki gen anpil valè.

FASON POU W FÈ SA:

  • Pran an konsiderasyon sa moun k ap koute w yo deja konnen. Olye w annik repete sa yo deja tande, ede yo wè sijè a yon fason ki diferan.

  • Fè rechèch epi medite. Lè sa posib, pale sou enfòmasyon moun yo pa fin twò abitye oswa sou evènman ki fèk rive pou w esplike ide ki enpòtan yo. Byen reflechi sou sijè w ap devlope a ansanm ak rapò ki gen ant sijè a ak enfòmasyon w vle bay la.

  • Montre itilite mesaj ou a. Esplike moun k ap koute w yo ki jan pwen biblik yo ka ede yo nan lavi yo chak jou. Pale sou sitiyasyon, atitid ak aksyon ki konsène moun k ap koute w yo.