Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 5

Li yon fason ki egzak

Li yon fason ki egzak

1 Timote 4:13.

SA POU W FÈ: Li egzakteman sa w wè ki ekri a awotvwa.

FASON POU W FÈ SA:

  • Byen prepare. Reflechi ak rezon ki fè yo te ekri pasaj la. Lè w ap prepare, aprann li mo yo an gwoup, pa annik li chak grenn mo. Fè atansyon pou w pa ni ajoute, ni sote oswa chanje kèk mo. Respekte tout siy ponktiyasyon yo.

  • Byen pwononse chak mo. Si w pa konn ki jan pou w pwononse yon mo, chèche l nan yon diksyonè, koute piblikasyon an nan yon anrejistreman odyo oswa mande yon moun ki konn li byen pou l ede w.

  • Pale yon fason ki klè. Byen pwononse mo yo, kanpe tèt ou dwat epi ouvri bouch ou byen laj. Fè efò pou w pwononse chak silab.