Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 3

Sèvi ak kesyon

Sèvi ak kesyon

Matye 16:13-16.

SA POU W FÈ: Poze bonjan kesyon pou w kapte atansyon moun k ap koute w yo, pou w rezone ak yo e pou w met aksan sou pwen enpòtan yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Kapte atansyon moun yo. Poze kèk kesyon pou w fè moun yo reflechi oswa pou w fè yo anvi konn repons lan.

  • Rezone sou yon sijè. Ede moun k ap koute w yo konprann lojik ki gen nan yon ide w ap trete lè w poze yon seri kesyon k ap mennen nan yon konklizyon ki gen sans.

  • Met aksan sou pwen enpòtan yo. Poze yon kesyon ki kapte atansyon moun yo pou w entwodui yon pwen enpòtan. Poze kèk kesyon revizyon apre w fin pale sou yon pwen enpòtan oswa lè w ap fini prezantasyon w lan.