Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KAT MOUN KI SOU CHEVAL YO: KI EFÈ YO GEN SOU OU?

Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

Moun gendwa pa fin konprann istwa kat moun ki sou cheval k ap galope yo e li ka fè yo pè. Men, nou pa bezwen wè l konsa. Sa k fè sa? Rezon an se paske Labib ak evènman k ap pase nan epòk nou an ede nou konprann byen klè ki sa chak moun ki sou cheval sa yo reprezante. Byenke galope y ap galope a anonse malè sou tè a, men, sa ka vle di bon nouvèl pou ou menm ak fanmi w. Nan ki sans? Toudabò, ann wè kiyès e ki sa chak moun ki sou cheval yo reprezante.

MOUN KI SOU CHEVAL KOULÈ BLAN AN

Men ki jan vizyon an kòmanse: “Mwen gade, mwen wè yon cheval blan, e moun ki chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yo ba li yon kouwòn, epi li derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin pote laviktwa sou yo.” — Revelasyon 6:2.

Kiyès moun ki chita sou cheval blan an ye? Nan menm liv Revelasyon an, nou jwenn yon pwen kle ki pèmèt nou idantifye l, paske annapre yo pale de moun sa a ki chita sou cheval la nan syèl la antanke “Pawòl Bondye”. (Revelasyon 19:11-13.) Se Jezi Kris yo rele Pawòl la, paske li se pòtpawòl Bondye (Jan 1:1, 14). Anplis de sa, yo rele l “Wa tout wa, Seyè tout seyè”, e yo fè konnen li “Fidèl e [li] Veridik”. (Revelasyon 19:16.) Vrèmanvre, li gen pouvwa pou l aji antanke yon wa k ap fè lagè, men li pa itilize pouvwa sa a nan move kondisyon, ni li pa sèvi avè l pou l fè moun abi. Sepandan, sa fè n poze kèk kesyon.

Kiyès ki bay Jezi pouvwa pou l al ranpòte laviktwa (Revelasyon 6:2)? Pwofèt Dànyèl te fè yon vizyon kote l te wè Mesi a ki sanble ak “yon pitit lòm” yo t ap bay “pouvwa, onè ak yon wayòm”, e se “Sila a ki la depi byen lontan an”, anpalan de Jewova Dye *, ki te ba li yo (Dànyèl 7:13, 14). Kidonk, se Bondye Toupisan an ki bay Jezi pouvwa ak dwa pou l dirije e pou l egzekite jijman. Cheval blan an se yon senbòl ki byen reprezante lagè Pitit Bondye a ap fè a. Epi byen souvan, Ekriti yo itilize koulè blan an kòm yon senbòl ki reprezante sa ki jis. — Revelasyon 3:4; 7:9, 13, 14.

Ki lè moun ki chita sou cheval yo te kòmanse fè cheval yo galope? Remake, Jezi se premye moun ki te fè cheval li a galope, e li te fè sa apre l te fin resevwa yon kouwòn (Revelasyon 6:2). Ki lè yo te mete Jezi Wa nan syèl la? Se pa lè l te retounen nan syèl la apre l te fin bay lavi l sou tè a. Paske, Labib montre li te ret ap tann depi lè sa a (Ebre 10:12, 13). Jezi te bay disip li yo yon siy ki t ap ede yo idantifye ki lè peryòd sa a li fè ap tann nan t ap fini, epi sa t ap ede yo konnen tou ki lè l ap kòmanse dirije nan syèl la. Li te di yo lè l kòmanse dirije, sitiyasyon monn nan t ap vin chanje nèt e se pi mal li t ap vin pi mal. Li te fè konnen t ap gen gè, rate manje ak epidemi (Matye 24:3, 7; Lik 21:10, 11). Tousuit apre Premye Gè mondyal la te kòmanse nan ane 1914, sa te vin parèt klè lèzòm te kòmanse ap viv nan epòk sa a, yon epòk Labib rele “dènye jou yo”, kote se tètchaje ase ki gen sou tè a. — 2 Timote 3:1-5.

Men, etandone yo bay Jezi kouwòn nan depi 1914, poukisa olye bagay yo vin pi bon, se pi mal y ap vin pi mal? Se paske, lè sa a, se nan syèl la Jezi te kòmanse dirije, se pa t sou tè a. Se sa k fè, te gen yon gè ki pete nan syèl la, epi Jezi yo te fèk nome Wa a, li menm yo bay non Mikayèl tou, te pimpe Satan ak tout demon l yo sou tè a (Revelasyon 12:7-9, 12). Etandone depi lè sa a Satan pa ka monte nan syèl la ankò, li vin an kòlè anpil paske l konnen se yon tikras tan li rete. Vrèmanvre, talè konsa, Bondye pral aji kont Satan sou tè a (Matye 6:10). Kounye a, ann wè ki jan twa lòt moun ki chita sou cheval yo fè nou wè n ap viv nan moman ki bay tètchaje ki rele “dènye jou yo”, jan Labib montre sa. Kontrèman ak premye moun ki sou cheval la, ki reprezante yon moun byen presi, twa lòt moun ki sou cheval k ap suiv li yo reprezante yon seri kondisyon ki gen toupatou sou tè a.

MOUN KI SOU CHEVAL KOULÈ WOUJ LA

“Yon lòt cheval soti, youn ki koulè dife. Yo bay moun ki chita sou li a pèmisyon pou l retire lapè sou tè a yon fason pou moun yo touye youn lòt, e yo ba li yon gwo epe.” — Revelasyon 6:4.

Moun ki sou cheval sa a reprezante lagè. Remake se pa nan kèk nasyon sèlman li retire lapè, men se sou tout tè a. Nan ane 1914, se premye fwa nan listwa lèzòm te gen yon gè mondyal. Annapre, te vin gen yon dezyèm gè mondyal ki te lakòz plis moun mouri toujou. Selon etid kèk moun fè, yo fè konnen gen plis pase 100 milyon moun ki mouri akoz lagè ak lòt konba moun ap fè ak zam depi ane 1914. Anplis, gen yon pakèt lòt moun k ap soufri ak yon seri maladi k ap depafini yo.

Jis nan ki pwen lagè ap fè ravaj nan epòk nou an? Se premye fwa nan listwa, lèzòm sanble gen kapasite pou yo touye tout moun nèt. Menm swadizan òganizasyon ki la pou met lapè, pa egzanp, Nasyonzini, pa rive kanpe moun ki sou cheval wouj k ap galope a.

MOUN KI SOU CHEVAL KOULÈ NWA A

“Mwen gade, mwen wè yon cheval nwa, e moun ki chita sou li a te gen yon balans nan men l. Mwen tande yon bagay ki tankou yon vwa ki soti nan mitan kat kreyati vivan yo ki di: “Yon mezi ble pou yon denye, twa mezi lòj pou yon denye, epi pa gaspiye luil doliv la ak diven an.” — Revelasyon 6:5, 6.

Moun ki chita sou li a reprezante gwo grangou. Nan istwa sa a, nou wè manje tèlman difisil pou moun jwenn, sa fè yon mezi ble koute yon denye ki se kantite kòb yo te konn peye yon moun, nan premye syèk la, pou tout yon jounen moun nan fè ap travay (Matye 20:2). Yon moun te ka achte twa mezi lòj pou menm kantite kòb la, paske yo te konsidere lòj gen mwens valè pase ble. Èske sa t ap ka bay yon gwo fanmi manje vre? Moun yo t ap oblije menm kontwole kantite manje yo te konn abitye manje chak jou, e yo te pran egzanp manje moun nan epòk la abitye avèk yo, manje yo te konn kiltive tankou luil doliv ak diven.

Depi ane 1914, èske nou rive wè aklè jan moun ki sou cheval nwa a kontinye ap galope ak fòs? Repons lan se wi! Gen anviwon 70 milyon moun ki mouri anba gwo grangou pandan 20yèm syèk la. Gen yon espesyalis ki fè konnen “gen 805 milyon moun, sa vle di anviwon yon moun sou chak nèf moun nan popilasyon mondyal la, ki te soufri malnitrisyon soti ane 2012 rive ane 2014”. Gen yon lòt rapò ki fè konnen: “Chak ane, grangou touye plis moun pase kantite moun maladi sida ak malarya ansanm ak tibèkiloz rive touye.” Malgre anpil gwo efò ki fèt pou konbat grangou, moun ki chita sou cheval nwa a kontinye ap galope.

MOUN KI SOU CHEVAL KOULÈ BLÈM NAN

“Mwen gade, mwen wè yon cheval ki gen yon koulè blèm. Yo rele moun ki chita sou li a Lanmò. E Tonm nan t ap suiv li pye pou pye. Yo te ba yo pouvwa sou yon ka tè a, pou yo touye moun avèk yon epe ki long, ak grangou, ak epidemi mòtèl e avèk bèt sovaj ki sou tè a.” — Revelasyon 6:8.

Katriyèm moun ki sou cheval la reprezante lanmò. Lanmò pase pran anpil moun akoz yon pakèt epidemi ak lòt bagay ankò. Tousuit apre ane 1914, grip espayòl la te touye plizyè dizèn milyon moun. Li pwobab pou te gen anviwon 500 milyon moun ki te enfekte, sa vle di anviwon yon moun sou chak twa moun ki te vivan.

Men, grip espayòl la pa t anyen devan sa k te gen pou vini. Gen yon pwofesyonèl nan domèn sante ki te fè konnen gen plizyè santèn milyon moun ki mouri akoz maladi varyòl pandan 20yèm syèk la. Jodi a, plizyè milyon moun mouri akoz maladi sida, tibèkiloz ak malarya, malgre gwo rechèch ki fèt nan domèn medikal.

Kit se lagè, gwo grangou oswa epidemi, se menm rezilta a yo bay, sa vle di yo tout lakòz pakèt moun mouri. Tonm nan pa sispann mache ranmase moun, li pa bay chans menm.

GEN YON BÈL AVNI K AP TANN NOU!

Epòk latwoublay n ap viv la pral fini talè konsa. Sonje sa: Jezi “derape pou l konbat ènmi l yo” depi ane 1914. Li pimpe Satan sou tè a, men li poko fin ranpòte laviktwa (Revelasyon 6:2; 12:9, 12). Talè konsa, nan lagè Amagedon, Jezi pral elimine enfliyans Satan genyen e li pral detwi tout moun k ap soutni Dyab la (Revelasyon 20:1-3). Nonsèlman Jezi ap fè twa lòt moun ki chita sou cheval yo sispann galope, men tou l ap mete fen nan tout ravaj yo te lakòz pandan yo t ap galope a. Ki jan sa pral fèt? Ann wè kèk pwomès nou jwenn nan Bib la.

Lapè pral ranplase lagè. Jewova ‘ap fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a. L ap kase banza a e l ap fè lans lan fè plizyè moso’. (Sòm 46:9.) Kanta pou moun ki renmen lapè yo, “y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:11.

Nan plas gwo grangou, pral gen manje agogo. “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

Talè konsa, Jezi pral mete fen nan ravaj twa lòt moun ki chita sou cheval k ap galope yo ap fè yo.

Nan plas epidemi ak lanmò, tout moun pral gen yon sante ki pafè e y ap viv pou toutan. Bondye pral “siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. — Revelasyon 21:4.

Lè Jezi te sou tè a, li te bay yon bèl apèsi sou jan monn nan pral ye lè l pral dirije. Li te ankouraje moun fè lapè, li te fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje, li te geri moun ki malad e li te menm resisite moun ki mouri. — Matye 12:15; 14:19-21; 26:52; Jan 11:43, 44.

Temwen Jewova yo ap kontan montre w nan Bib pa w ki jan w ka prepare w pou moman kote yo pral fè twa moun ki sou cheval yo sispann galope. Èske w ta renmen aprann plis bagay toujou?

^ § 7 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.