Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Solisyon pou kèk pwoblèm nan maryaj

Solisyon pou kèk pwoblèm nan maryaj

Solisyon pou kèk pwoblèm nan maryaj

LABIB pa di maryaj se yon bagay ki fasil. Bondye te enspire apot Pòl pou l fè konnen moun ki marye yo ap gen pou yo jwenn “kont traka yo nan lavi a”. (1 Korentyen [Korent] 7:28, Bib la.) Men, de moun ki marye ka fè anpil bagay pou yo gen mwens pwoblèm posib nan maryaj yo e pou youn fè lòt gen plis kè kontan. Nou pral egzamine sis pwoblèm anpil moun marye konn rankontre e nou pral wè ki jan prensip biblik yo kapab ede moun marye yo lè yo suiv yo.

1

PWOBLÈM:

“Nou tankou de etranje nan kay la.”

PRENSIP BIBLIK:

“Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — FILIPYEN 1:10.

Maryaj ou se youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi w e se youn nan bagay ou dwe bay priyorite. Donk, gade pou w wè si youn nan bagay ki lakòz pwoblèm sa a se pa fason w jere tan w. Pa kite aktivite w ap mennen chak jou lakòz ou menm ak moun ou marye avè l la viv tankou de etranje. Natirèlman, travay ou ak kèk sitiyasyon kapab fè pafwa ou pa ka pase tan ak moun ou marye a. Men, gen bagay ou gen kontwòl sou yo, tankou tan w pase nan detant oswa ak zanmi w. Ou kapab limite tan w pase nan detant oswa ak zanmi w e ou dwe fè sa.

Men, gen kèk moun marye ki ka pase plis tan ap travay oswa ki ka chèche plis detant yon fason pou yo pa pase tan ak moun yo marye a. Se pa sitiyasyon lavi a ki fè moun sa yo tankou de etranje nan kay la, men se kouri y ap kouri pou pwoblèm. Si ou menm oubyen moun ou marye avè l la fè sa, nou bezwen chèche wè ki sa ki vrè pwoblèm nan epi rezoud li. Lè ou menm ak moun ou marye avè l la pase tan ansanm pou nou ka vin bon zanmi, se lè sa a sèlman n ap kapab viv byen ansanm e n ap kapab “fè yon sèl” toutbon. — Jenèz 2:24.

Fason kèk moun te aplike konsèy sa a: Andre * ak Tanya se de moun nan peyi Ostrali ki marye depi dizan. Men sa Andre di: “Mwen te aprann lè m travay twòp e lè m pase twòp tan nan detant ak zanmi, sa kapab yon danje pou maryaj mwen. Se sa k fè, mwen menm ak madanm mwen, nou pran tan pou nou pale e pou youn di lòt sa k nan kè l.”

Dev ak Jàn, de moun ki marye depi 22 an e k ap viv Ozetazini, rezève premye 30 minit nan fen jounen an pou yo pale de sa yo te fè pandan jounen an e pou youn di lòt sa k nan kè l. Jàn di: “Moman sa a tèlman enpòtan pou nou, nou pa kite anyen anpeche nou pase l ansanm.”

2

PWOBLÈM:

“Mwen pa jwenn sa m t ap chèche nan maryaj la ankò.”

PRENSIP BIBLIK:

“Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 KORENTYEN 10:24.

Yon moun ki pi enterese nan sa l ka jwenn nan men moun li marye avè l la pap janm gen kè kontan toutbon nan maryaj li, menmsi l ta marye plizyè fwa. Maryaj la ap mache lè chak moun pi enterese bay pase l resevwa. Jezi te bay rezon ki fè sa: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

Fason kèk moun te aplike konsèy sa a: Mariya ak Maten ap viv Meksiko e yo marye depi 39 an. Men, sa pa t toujou fasil pou yo. Men sa Mariya di konsènan yon moman kote bagay yo te difisil anpil: “Yon lè, pandan nou te nan yon gwo diskisyon, mwen te di Maten yon bagay ki te vrèman derespektan. Li te vin fache anpil. Mwen te eseye fè l konprann mwen pa t panse sa m te di a toutbon e se paske m te fache ki fè m te di sa. Men, li pa t vle tande.” Maten di: “Pandan diskisyon an, mwen te kòmanse panse nou pa t ap ka kontinye viv ansanm e m ta dwe sispann fè efò pou maryaj la mache.”

Maten te bezwen Mariya respekte l. Mariya li menm te bezwen Maten konprann li. Youn nan yo pa t jwenn sa yo t ap chèche a.

Kòman yo te rezoud pwoblèm nan? Men sa Maten di: “Mwen te pran tan pou m kalme m e nou te deside aplike konsèy saj ki nan Bib la ki ankouraje nou pou nou youn respekte lòt e pou nou youn byen trete lòt. Pandan ane ki te vin apre yo, nou te aprann pa gen okenn pwoblèm nou ka genyen nou pa ka rezoud depi nou priye Bondye pou l ede nou e depi nou suiv konsèy ki nan Bib la.” — Izayi [Ezayi] 48:17, 18; Efezyen 4:31, 32.

3

PWOBLÈM:

“Li pa fè tout sa l kapab pou maryaj la mache.”

PRENSIP BIBLIK:

“Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.” — WOMEN 14:12.

Pa gen dout, yon maryaj pap mache byen si se yon sèl moun k ap fè efò pou fè l mache. Men, bagay yo ap vin pi mal si toule de moun yo neglijan e si youn ap bay lòt tò.

Si w toujou ap panse sou sa moun ou marye avè l la ta dwe fè men l pa fè, ou pap janm gen kè kontan nan lavi w. Sa ap rive sitou si w pa pran responsablite w paske, selon ou menm, lòt moun nan pa pran responsablite l. Yon lòt bò, si w fè tout efò w pou w yon bon mari oswa yon bon madanm, gen anpil posiblite pou maryaj ou amelyore (1 Pyè 3:1-3). Sa k pi enpòtan, w ap montre Bondye ou bay dispozisyon li te pran pou moun marye a valè. Epitou, konduit ou ap fè l plezi anpil. — 1 Pyè 2:19.

Fason kèk moun te aplike konsèy sa a: Kim ak mari l ap viv nan peyi Kore e yo gen 38 an maryaj. Men sa Kim di: “Pafwa, mari m fache avè m e li pa pale avè m, e mwen pa menm konn poukisa. Sa fè m santi li pa renmen m menm jan an ankò. Pafwa mwen konn mande tèt mwen: ‘Kòman l fè vle m konprann li, alòske li menm li pa eseye konprann mwen?’”

Kim te ka ret konsantre sou pwoblèm sa a e sou sa mari l pa fè. Men, li chwazi fè yon lòt bagay. Men sa l di: “Olye m ret fache, mwen rann mwen kont li pi bon pou m chèche fè lapè. Alafen, nou toule de rive kalme nou e nou rive pale anpè sou pwoblèm nan.” — Jak 3:18.

4

PWOBLÈM:

“Madanm mwen pa soumèt devan m.”

PRENSIP BIBLIK:

“Chèf tout gason se Kris.” — 1 KORENTYEN 11:3.

Premye bagay yon mari ki santi madanm li pa soumèt devan l dwe fè se egzamine tèt li pou l wè si li menm li dispoze soumèt li devan Jezi Kris, ki se Chèf li. Yon mari ka montre li soumèt li devan Jezi lè l suiv egzanp Jezi.

Men sa apot Pòl te ekri: “Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” ​(Efezyen 5:25). Jezi pa t “kòmande [disip li] yo ak gwo ponyèt”. (Mak 10:42-44.) Li te ba yo enstriksyon ki klè e li te korije yo lè sa te nesesè. Men, li pa t janm pale di avèk yo. Li te aji byen avèk yo e li pa t mande yo fè sa l konnen yo pa t ka fè (Matye 11:29, 30; Mak 6:30, 31; 14:37, 38). Li te toujou mete enterè pa yo anvan pa l. — Matye 20:25-28.

Yon mari dwe mande tèt li: ‘Èske se fason moun nan zòn kote m ye a wè otorite ak fason yo wè fi ki enfliyanse fason m wè otorite m genyen nan fanmi an ak fason m wè fi? Oubyen, èske se konsèy ak egzanp mwen jwenn nan Bib la ki enfliyanse m?’ Pa egzanp, ki sa w panse de yon fi ki pa wè yon bagay menm jan ak mari l e ki fè mari a konn sa byen klè men avèk respè? Labib pale nou de Sara, madanm Abraram, kòm yon fi ki te soumèt devan mari l (1 Pyè 3:1, 6). Poutan, li te di sa l panse lè sa te nesesè, tankou lè te gen kèk danje ki te menase fanmi an e Abraram pa t wè sa. — Jenèz 16:5; 21:9-12.

Li klè, Abraram pa t trete Sara yon fason ki te fè Sara pè pale avè l. Li pa t yon diktatè. Menm jan an tou, yon mari k ap suiv konsèy Bib la pap fòse madanm li fè tout sa l vle. Madanm li ap respekte l si l gen kè sansib nan fason egzèse otorite l.

Fason kèk moun te aplike konsèy sa a: Men sa Jak, yon mesye k ap viv ann Angletè e ki marye depi 8 an, di: “Mwen aprann pou m pa pran okenn gwo desizyon san m pa mande madanm mwen sa l panse. Mwen fè efò pou m pa wè tèt mwen sèlman. Men, mwen chèche met enterè madanm mwen anvan enterè pa m.”

Jòj ap viv Ozetazini e li gen 59 an maryaj. Men sa l di: “Mwen fè efò pou m pa trete madanm mwen kòmsi l te pi ba pase m, men mwen trete l antanke yon moun ki entèlijan e ki se yon bonjan èd.” — Pwovèb 31:10.

5

PWOBLÈM:

“Mari m pa pran latèt nan fanmi an.”

PRENSIP BIBLIK:

“Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.” — PWOVÈB 14:1.

Si mari w renka pou l pran desizyon oswa pou l pran latèt nan fanmi an, ou gen omwen twa chwa devan w: 1) Ou ka plede pale sou sa, 2) ou ka pran dwa chèf ou nan plas li oswa, 3) ou ka felisite l sensèman chak fwa li fè yon ti efò. Si w chwazi youn nan de premye posiblite yo, se sèten w ap kraze kay ou ak pwòp men w. Men, si w chwazi twazyèm posiblite a, w ap fè maryaj ou mache byen.

Pou anpil gason, respè madanm yo gen pou yo gen plis enpòtans pase lanmou. Donk, si mari w santi w gen respè pou li, si w fè l santi efò l fè pou l pran latèt nan fanmi an pa pou granmesi e ou apresye sa, gen anpil posiblite pou l amelyore. Natirèlman, ou pap toujou dakò ak mari w sou tout bagay. Lè konsa, nou toule de ap bezwen pale sou sa nou pa dakò yo (Pwovèb 18:13). Men, pawòl ou di ak fason w di yo ap fè swa ou kraze maryaj ou swa w fè l mache byen (Pwovèb 21:9; 27:15). Di sa k nan kè w avèk respè, e l ap pi fasil pou w rive jwenn sa w vle a, sa vle di yon mari ki pap pè pran latèt nan fanmi an.

Fason kèk moun te aplike konsèy sa a: Michèl, ki gen 30 an maryaj e k ap viv Ozetazini, di: “Kòm manman m te leve mwen menm ak sè m yo poukont li, sa te fè l vin yon moun ki detèmine anpil e ki endepandan. Mwen gen tandans imite l. Se sa k fè, mwen toujou ap fè efò pou m demontre bonjan soumisyon. Pa egzanp, mwen vin aprann mande mari m opinyon l olye m annik pran yon desizyon.”

Rachèl marye ak Mak depi 21 an e y ap viv ann Ostrali. Fason l te leve gen enfliyans sou lavi l tou, men sa l di: “Manman m pa t janm soumèt devan papa m. Se diskisyon ak mank respè sèlman ki te gen nan kay la. Nan premye ane maryaj mwen, mwen te imite manman m. Men, tank ane ap pase, mwen te vin rann mwen kont li enpòtan pou m suiv konsèy Bib la bay anrapò ak respè yon madanm dwe gen pou mari l. Kounye a, mwen menm ak Mak gen plis kè kontan nan maryaj nou.”

6

PWOBLÈM:

“Mwen bouke ak vye abitid li yo.”

PRENSIP BIBLIK:

“Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.” — KOLOSYEN 3:13.

Lè w te fèk renmen, petèt ou te tèlman konsantre sou bèl kalite moun ou pral marye avè l la genyen, se apèn si w te wè l gen defo. Èske w pa ta ka fè menm bagay la kounye a? Siman, moun ou marye avè l la ba w rezon pou w plenyen. Men, mande tèt ou: ‘Sou ki sa m ap chwazi konsantre, sou kalite l yo oswa sou defo l yo?’

Jezi te sèvi ak yon egzanp ki gen anpil fòs ki montre nesesite pou nou pase sou ti defo nou wè lakay lòt moun. Men sa l te di: “Poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa wè gwo bout bwa ou gen nan je w la?” ​(Matye 7:3). Yon pay kapab yon ti branch zèb. Yon lòt bò, yon bout bwa kapab yon gwo bwa travès yo mete pou kenbe yon tèt kay. Ki sa Jezi te vle di? “Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, apre sa, w a wè klè ki jan pou w retire pay ki nan je frè w la.” — Matye 7:5.

Anvan Jezi te bay egzanp sa a, li te bay yon avètisman ki pouse moun reflechi. Men sa l te di: “Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. Paske, jan n ap jije a, se konsa y ap jije nou. E se ak mezi nou mezire pou moun y ap mezire pou nou.” ​(Matye 7:1, 2). Bout bwa ki nan je nou Jezi te pale de li a reprezante fot nou yo, donk si w vle pou Bondye pase sou fòt ou yo, ou gen enterè pase sou ti defo moun ou marye avè l la genyen. — Matye 6:14, 15.

Fason kèk moun te aplike konsèy sa a: Men sa Djeni, ki marye ak Simon depi 9 an e k ap viv ann Angletè, fè konnen: “Mwen rann mwen kont sa m pi pa ka tolere lakay mari m se tandans li genyen pou l pa planifye anyen, pou l fè tout bagay nan dènye moman. Sa dwòl, paske lè nou te renmen, se sa menm mwen te renmen lakay li. Men, mwen menm tou mwen gen defo, pa egzanp, mwen twò otoritè. Simon avè m kontinye aprann pase sou ti defo nou genyen.”

Kenn se mari Michèl nou te pale de li pi wo a. Men sa l di: “Si w konsantre sou defo moun ou marye avè l la genyen, y ap parèt pi gwo chak jou. Mwen pito konsantre sou bèl kalite Michèl genyen ki te fè m damou l.”

Sekrè pou maryaj la mache

Egzanp sa yo montre nou pa ka evite pwoblèm nan maryaj nou, men nou ka rezoud yo. Èske gen yon sekrè pou yon maryaj mache? Wi. Sekrè a se aprann renmen Bondye epi dispoze suiv konsèy li bay yo, konsèy nou jwenn nan Labib, Pawòl li a.

Alèks ak Itoràn, ki marye depi plis pase 20 an e k ap viv Nijerya, te aprann sekrè sa a. Men sa Alèks di: “Mwen te vin rann mwen kont, si de moun marye suiv prensip biblik yo, y ap ka rezoud prèske tout pwoblèm yo rankontre nan maryaj la.” Men sa madanm li di: “Nou aprann enpòtans pou nou priye ansanm regilyèman ak enpòtans pou nou suiv konsèy Bib la bay pou youn renmen lòt ak tout kè l e pou youn pasyan ak lòt. Kounye a, nou gen mwens pwoblèm pase lè nou te fèk marye.”

Èske w ta renmen aprann plis toujou sou fason konsèy ki nan Pawòl Bondye a ka itil fanmi w? Si w ta renmen sa, mande Temwen Jewova yo pou yo pale avè w sou chapit 14 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a *.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Gen non moun yo chanje.

^ § 63 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Foto nan paj 4]

Èske nou kreye tan youn pou lòt?

[Foto nan paj 5]

Èske m fè efò pou m bay plis pase sa m resevwa?

[Foto nan paj 6]

Èske m pran inisyativ pou m rezoud pwoblèm yo?

[Foto nan paj 7]

Èske m mande madanm mwen opinyon l anvan m pran yon desizyon?

[Foto nan paj 9]

Èske m konsantre sou kalite konjwen m genyen?