Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | POUKISA MOVE BAGAY RIVE BON MOUN?

Gen move bagay ki rive bon moun — Poukisa?

Gen move bagay ki rive bon moun — Poukisa?

Piske se Jewova * ki kreye tout bagay e li Toupisan, gen anpil moun ki gen tandans rann li responsab tout bagay k ap pase nan monn nan, san wete bagay mal yo. Sepandan, ann egzamine sa Bib la di konsènan vrè Dye a:

  • “Jewova jis nan tout sa l fè.” — Sòm 145:17, NW.

  • “Tout chemen [Bondye] se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, li pa janm fè enjistis. Li jis e li dwat.” — Detewonòm 32:4, NW.

  • “Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd.” — Jak 5:11.

Se pa Bondye ki lakòz move bagay rive. Men, èske li pouse moun fè move zak? Jamè. Men sa Bib la di: “Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: ‘Se Bondye k ap pase m anba eprèv.’” Poukisa? “Paske, pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” (Jak 1:13). Bondye pa pase moun anba eprèv ni li pa teste yo kòmkwa pou l ta pouse yo aji mal. Bondye pa ni lakòz move bagay rive ni li pa pouse moun fè move bagay. Si se sa, lè gen move bagay ki rive, kiyès ki lakòz oubyen ki sa k lakòz?

YON MOUN KA YON MOVE KOTE YON MOVE LÈ

Men youn nan rezon Bib la bay ki fè lèzòm ap soufri: “Evènman moun pa prevwa rive yo tout nan moman yo pa t atann.” (Eklezyas 9:11, NW). Lè gen evènman moun pa t prevwa oubyen lè gen aksidan, pou yon moun viktim, oubyen pou l pa viktim, sa depann anpil de kote moun nan te ye nan moman an. Gen prèske 2 000 an, Jezi Kris te pale konsènan yon malè ki te rive kote 18 moun te mouri akoz yon fò te tonbe sou yo (Lik 13:1-5). Se pa t akoz fason moun sa yo t ap mennen lavi yo ki fè yo te viktim, men se paske tou senpleman yo te anba fò a lè l te tonbe a. Sa pa gen twò lontan, nan mwa janvye 2010, gen yon gwo tranblemanntè ki te frape Ayiti. Gouvènman ayisyen an fè konnen gen plis pase 300 000 moun ki te pèdi lavi yo nan tranblemanntè sa a. Tout kalite moun te mouri lè sa a. Mete sou sa, maladi ka frape nenpòt moun nenpòt lè.

Poukisa Bondye pa pwoteje bon moun yo lè gen katastwòf?

Gen kèk moun ki ka mande: ‘Èske Bondye pa t ka anpeche malè sa yo rive? Èske l pa t ka pwoteje bon moun yo devan malè sa yo?’ Si pou Bondye ta entèvni nan sitiyasyon sa yo, sa t ap vle di depi alavans li konnen lè move bagay pral rive. Se vre, Bondye gen kapasite pou l konnen sa k pral rive alavni, men, kesyon nou dwe egzamine se: Èske se tout lè Bondye chwazi itilize pouvwa sa a li genyen pou l konnen bagay alavans lan? — Izayi 42:9.

Men sa Bib la di: “Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l vle.” (Sòm 115:3). Jewova fè sa l wè ki nesesè pou fèt, li pa chwazi fè tout sa l kapab fè. Se menm bagay la tou konsènan sa li deside konnen alavans. Pa egzanp, apre mechanste te fin gaye nan ansyen vil Sodòm ak Gomò, men sa Bondye te di yon patriyach ki rele Abraram: “M’ap desann pou m wè ak je mwen si sa y’ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m’a konnen.” (Jenèz 18:20, 21). Pandan yon tan, Jewova te chwazi pou l pa konnen kantite mechanste moun yo t ap fè nan vil sa yo. Menm jan an tou, Jewova kapab chwazi pou l pa chèche konnen tout bagay alavans (Jenèz 22:12). Nan okenn ka, chwa sa a li fè a pa vle di li gen enpèfeksyon lakay li oswa li gen feblès. Piske ‘tout sa Bondye fè bon nèt’, li fè ekilib ant kapasite l genyen pou l chèche konnen lavni an ak objektif li genyen. Li pa janm fòse lèzòm aji yon fason byen presi * (Detewonòm 32:4). Kounye a, ki sa n ka di an rezime? Leson an senp: Bondye chwazi ki sa pou l chèche konnen alavans e li lib pou l deside nan ki ka l ap fè sa.

Poukisa Bondye pa pwoteje bon moun yo kont krim?

ÈSKE SE LÈZÒM KI RESPONSAB?

Lèzòm gen yon sèten responsablite nan zak mechanste k ap fèt yo. Gade jan Bib la esplike sa k ka mennen yon moun fè move zak. Men sa l di: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè yo nouri l, li bay peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li bay lanmò.” (Jak 1:14, 15). Lè moun aji selon move dezi yo genyen, oubyen yo sede devan vye anvi yo genyen, yo pap manke pa sibi move konsekans (Women 7:21-23). Jan listwa montre sa, lèzòm fè anpil zak terib, e yo lakòz anpil moun soufri. Anplis de sa, moun ki mechan ka enfliyanse lòt moun pou fè yo vin kòwonpi, konsa, yo fè mechanste kontinye gaye. — Pwovèb 1:10-16.

Lèzòm fè anpil zak terib e yo lakòz anpil moun soufri.

Èske Bondye dwe entèvni pou l anpeche lèzòm fè move bagay? Ann egzamine fason lèzòm te fèt. Bib la fè konnen Bondye te kreye lèzòm pòtre avè l, sa vle di yo sanble avè l. Konsa, lèzòm gen kapasite pou yo reflete kalite Bondye genyen yo (Jenèz 1:26). Bondye bay lèzòm yon kado ki gen anpil valè, se libète pou yo deside, donk, lèzòm ka chwazi renmen Bondye e yo ka chwazi ret fidèl anvè l lè yo fè sa ki dwat nan je l (Detewonòm 30:19, 20). Si Bondye ta fòse lèzòm aji yon fason byen presi, èske li pa t ap pran kado li te ba yo a, sètadi libète pou yo deside a? Si l ta fè sa, lèzòm t ap vin tankou machin, yo t ap fè egzakteman sa yo te pwograme yo pou yo fè! Se t ap menm bagay la si se desten ki t ap dirije sa n ap fè ak tout sa k ap rive nan lavi nou. Se pa ti kontan nou kontan dèske Bondye onore nou lè l kite nou chwazi fason n ap mennen lavi nou! Sepandan, sa pa vle di kalamite ki egziste jodi a akoz erè lèzòm fè ak move chwa yo fè ap kontinye fè moun soufri nètale.

ÈSKE KAMA A SE YOUN NAN KOZ KI FÈ LÈZÒM AP SOUFRI?

Si w ta poze yon moun ki te leve nan relijyon endou oswa boudis kesyon yo poze sou paj kouvèti peryodik sa a, li te ka ba w repons sa a: “Move bagay rive bon moun akoz lwa Kama a. Se sa yo te fè lontan y ap peye *.”

Anrapò ak ansèyman yo rele Kama a, l ap bon pou n note sa Bib la di sou lanmò. Nan jaden Edenn, kote lèzòm soti a, men sa Kreyatè a te di Adan, premye gason an: “Nan tout pyebwa nan jaden an ou mèt manje jis ou rasazye. Men kanta pou pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, ou pa dwe manje ladan l, paske lejou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jenèz 2:16, 17NW). Si Adan pa t peche lè l te dezobeyi Bondye, li t ap viv pou toutan. Kidonk, lanmò se pinisyon mesyedam yo te jwenn paske yo te dezobeyi lòd Bondye te ba yo. Apre sa, lè yo vin fè pitit, “lanmò blayi sou tout moun”. (Women 5:12.) Donk, Bib la gen rezon di “sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò”. (Women 6:23.) Mete sou sa, men sa Bib la esplike: “Yon moun ki mouri peye pou peche l.” (Women 6:7). Sa vle di, moun pa kontinye peye pou peche yo lè yo mouri.

Jodi a, gen plizyè milyon moun ki fè konnen bagay ki fè lèzòm ap soufri a gen rapò ak Kama. An jeneral, yon moun ki kwè nan Kama aksepte soufrans l ap andire ak soufrans lòt moun san sa pa twò deranje l. Sepandan, pwoblèm ansèyman sa a bay sèke li pa bay moun okenn espwa yon lè move bagay ap sispann. Kwayans sa a fè konnen sèl mwayen pou yon moun jwenn soulajman se lè l libere anba sik renesans lan, sa vle di pou l pa plede refèt ankò lè l fin mouri, e l ap rive libere grasa bon konduit li gen nan sosyete a e grasa konesans espesyal li genyen. Natirèlman, ide sa yo pa menm ditou ak sa Bib la di *.

PRENSIPAL KOZ LA!

Èske w te konnen se Satan Ledyab “chèf monn nan” ki prensipal koz ki fè lèzòm ap soufri? — Jan 14:30.

Se pa lèzòm ki prensipal koz ki fè gen mechanste. Satan Ledyab, yon zanj ki te fidèl anvè Bondye okòmansman, “pa t kenbe fèm nan laverite” e li te lakòz peche antre nan monn nan (Jan 8:44). Li te alabaz yon rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan (Jenèz 3:1-5). Jezi Kris rele Satan ‘mechan an’ ak “chèf monn nan”. (Matye 6:13; Jan 14:30.) Pifò moun obeyi Satan lè yo sede anba presyon li fè sou yo pou yo pa suiv chemen Jewova yo ki bon (1 Jan 2:15, 16). Men sa 1 Jan 5:19 di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” Gen lòt kreyati espirityèl ki vin mechan e k al jwenn Satan. Bib la fè konnen Satan ansanm ak demon yo ap “twonpe lemonnantye” e sa lakòz “malè pou tè a”. (Revelasyon 12:9, 12.) Kidonk, se Satan Ledyab ki premye responsab mechanste k ap fèt yo.

Sa klè, Bondye pa responsab move bagay ki rive lèzòm, ni li pa fè yo soufri. Okontrè, li pwomèt l ap elimine mechanste jan atik ki vin apre a pral montre sa.

^ § 3 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.

^ § 11 Pou n ka konnen rezon ki fè Bondye kite mechanste kontinye egziste, gade chapit 11 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 16 Pou n ka konnen ki kote ansèyman moun yo rele lwa Kama a soti, gade nan paj 8-12, nan bwochi Que devient-on quand on meurt? Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 18 Konsènan sa Bib la anseye sou kondisyon mò yo ansanm ak espwa li bay pou moun ki mouri yo, gade chapit 6 ak chapit 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.