Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ka wè Bondye envizib la?

Èske w ka wè Bondye envizib la?

“BONDYE se yon Espri”, lèzòm pa kapab wè l ak je yo (Jan 4:24). Poutan, nan yon sans, Bib la fè konnen gen kèk moun ki te wè Bondye (Ebre 11:27). Ki jan sa fè posib? Èske w ka wè “Bondye envizib la” vre? — Kolosyen 1:15.

Ann konpare sitiyasyon nou an ak sitiyasyon yon moun ki avèg depi l fèt. Lefètke moun sa a avèg, èske sa anpeche l konprann monn ki toutotou l la? Pa toutafè. Yon moun ki avèg resevwa enfòmasyon divès fason e sa pèmèt li konprann moun ki toutotou l, bagay ki nan anviwònman l ansanm ak aktivite k ap fèt bò kote l. Men sa yon mesye ki avèg te di: “Se pa nan je vizyon ye, men se nan lespri.”

Nan menm sans lan, byenke nou pa ka sèvi ak je nou pou n wè Bondye, men, nou ka sèvi ak ‘kè nou tankou yon je pou n ka wè l’. (Efezyen 1:18.) Ann egzamine twa fason nou ka fè sa.

‘KALITE L YO PARÈT KLÈ DEPI NAN KREYASYON MONN NAN’

Byen souvan, yon moun ki avèg gen kèk sans ki byen devlope tankou kapasite l genyen pou l tande e pou l touche, yon seri kapasite li itilize pou l konprann bagay li pa ka wè yo. Menm jan an tou, nou ka sèvi ak sans nou yo pou n egzamine bagay ki toutotou nou yo pou n ka konprann Bondye envizib ki te kreye yo a. “Kalite li yo ki envizib [...], parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo.” — Women 1:20.

Pa egzanp, ann fè yon ti reflechi sou planèt nou an. Bondye pa t fè tè a pou n degaje n viv sou li, men, li te fè l pou n pwofite lavi a. Lè n santi yon bon ti van fre k ap vante, lè n kouche n ap chofe nan yon bon ti solèy, lè n ap manje yon bon fwi oubyen lè n ap tande ti zwazo yo k ap chante bèl ti chante ki kalme lespri nou, sa vrèman fè nou plezi. Èske bèl kado sa yo pa montre nou Kreyatè nou an se yon Bondye ki konn pran ka moun, ki gen tandrès e ki renmen bay?

Ki sa n ka aprann sou Bondye lè n ap gade linivè? Toudabò, syèl la montre Bondye gen pisans. Sa pa gen lontan, gen kèk prèv syantifik ki montre nonsèlman linivè ap etann li, men tou, li fè sa ak yon vitès ki estrawòdinè! Lè w ap gade syèl la lannuit, mande tèt ou: ‘Enèji ki fè linivè ap etann li an e ki fè l ap avanse byen vit la, ki kote l soti?’ Bib la fè nou konnen Kreyatè a gen yon “pakèt enèji aktif”. (Izayi 40:26, NW.) Kreyasyon Bondye a montre se li ki “Toupisan an”, li menm “pisans li gran anpil” la — Jòb 37:23, NW.

‘LI MENM KI ESPLIKE KIYÈS BONDYE YE’

Men sa yon manman ki gen de pitit ki pa wè byen di: “Youn nan aspè ki pi enpòtan pou ede yo aprann, se pale avèk yo. Di yo tout sa w wè ak tout sa w tande, [epi] prepare w pou w esplike yo tout detay. Se ou menm ki je yo.” Menm jan an tou, byenke “okenn moun pa janm wè Bondye”, Jezi, Pitit Bondye a, “ki nan sen Papa a, [..] esplike kiyès Bondye ye.” (Jan 1:18). Antanke premye kreyasyon Bondye, e antanke sèl Pitit Bondye fè a, Jezi vin sèvi kòm “je” pou nou, pou pèmèt nou gade nan syèl la. Se li ki ka ban nou pi bon enfòmasyon sou Bondye envizib la.

Note kèk bagay Jezi, ki gen lontan depi l ak Papa l, te esplike sou Bondye:

  • Bondye travay san rete. “Papa m kontinye travay jis kounye a.” — Jan 5:17.

  • Bondye konn sa nou bezwen. “Bondye, Papa nou, konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l.” — Matye 6:8.

  • Bondye pran swen nou avèk bonte. “Papa nou ki nan syèl la, [...] fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki enjis.” — Matye 5:45.

  • Bondye ban nou chak valè. “Èske yo pa vann de tikit pou yon ti pyès monnen ki pa gen anpil valè? Epoutan, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konnen. Men nou menm, li konte ata branch cheve nan tèt nou. Se sa k fè, nou pa bezwen pè: Nou gen plis valè pase yon bann tikit met ansanm.” — Matye 10:29-31.

YON MOUN KI REFLETE KALITE BONDYE ENVIZIB LA GENYEN

Byen souvan, moun ki avèg pa konprann konsèp yo menm jan ak moun ki wè. Pou yon moun ki avèg, yon lonbray ka pa yon kote ki yon jan fènwa, yon kote ki pa gen limyè solèy, men li ka yon kote ki fre, yon kote ki pa pran chalè solèy. Menm jan yon moun ki avèg pa ka wè ni lonbray ni limyè, se konsa tou, nou pa ka konprann Jewova poukont nou. Se sa k fè, Jewova te ban nou yon moun ki reflete kalite l yo ak pèsonalite l yon fason ki pafè.

Moun sa a se Jezi (Filipyen 2:7). Jezi pa t sèlman pale de Papa l, men tou, li te montre nou ak ki sa Bondye sanble. Men sa Filip, youn nan disip Jezi yo, te di: “Seyè, montre nou Papa a.” Men sa Jezi te reponn li: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:8, 9). Ki sa nou ka “wè” nan Papa a grasa aksyon Jezi te fè yo?

Jezi te amikal, li te gen imilite, e li te abòdab (Matye 11:28-30). Bèl pèsonalite li genyen an te atire moun. Jezi te soufri ak moun k ap soufri e l te kontan ak moun ki kontan (Lik 10:17, 21; Jan 11:32-35). Lè w ap li kèk istwa sou lavi Jezi oswa lè w ap tande yo, sèvi ak sans ou yo pou w fè istwa sa yo vivan nan lespri w. Si w medite sou fason Jezi te konn boule ak moun, w ap pi byen konprann bèl pèsonalite Bondye genyen e w ap pwoche bò kote l.

METE MOSO YO ANSANM

Konsènan fason yon moun ki avèg wè monn ki ozalantou l la, men sa yon ekriven di: “Li resevwa enfòmasyon yo moso pa moso, yo soti nan divès sous (sa l touche, sa l pran sant, sa l tande, eksetera), epi li fè yon jan li mete enfòmasyon sa yo ansanm pou yo fè yon sèl.” Menm jan an tou, lè w ap gade bagay Bondye kreye yo, lè w ap li sa Jezi te di konsènan Papa l, e lè w ap analize fason Jezi te reflete kalite Bondye genyen yo, ap gen yon bèl imaj sou Jewova ki parèt nan lespri w. Jewova ap vin pi reyèl pou ou.

Jòb, ki t ap viv nan tan lontan, te fè bèl eksperyans sa a. Okòmansman, li te pale san l “pa konprann”. (Jòb 42:3.) Men, apre l fin byen egzamine mèvèy ki gen nan kreyasyon Bondye a, sa te pouse l di: “Sa m te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m ase. Kounyeya, mwen wè ou ak je mwen.” — Jòb 42:5.

‘Si w chèche Jewova, l ap kite w jwenn li.’

Sa ka vrè nan ka pa w tou. “Si w chèche [Jewova], l ap kite w jwenn li.” (1 Kwonik 28:9, NW). Temwen Jewova yo ap kontan ede w chèche Bondye envizib la e y ap ede w jwenn li.