Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Poukisa nou dwe priye?

Jewova vle pou n santi n alèz pou n pale avè l regilyèman sou pwoblèm nou yo ak sou sa ki enterese n (Lik 18:1-7). L ap koute nou paske l enterese nan nou. Avèk jantiyès, Papa nou ki nan syèl la envite nou priye l, poukisa pou n pa ta aksepte envitasyon l lan? — Li Filipyen 4:6.

Lapriyè pa senpleman yon mwayen pou n mande Bondye èd. Olye de sa, lapriyè ede n pwoche bò kote Bondye (Sòm 8:3, 4). Lè nou di Bondye sa k nan kè nou e nou fè sa regilyèman, sa ap fè nou vin gen yon pi bon amitye avè l. — Li Jak 4:8.

Ki jan nou dwe priye?

Lè n ap priye, Bondye pa vle nou sèvi ak gwo ekspresyon pou n montre nou gen konesans, ni li pa vle pou n ap repete yon bann priyè nou aprann pa kè. Mete sou sa, li pa mande n pou n pran yon pozisyon espesyal. Jewova mande nou pou nou priye l ak tout kè nou (Matye 6:7). Pa egzanp, nan Izrayèl tan lontan an, Ana te priye sou yon pwoblèm li te gen nan fanmi l ki te fè l chagren. Apre sa, lè chagren l lan te pase e li te vin gen lajwa, li te remèsye Bondye ak tout kè l. — Li 1 Samyèl 1:10, 12, 13, 26, 27; 2:1.

Ala yon bèl privilèj nou genyen! Nou ka pale ak Kreyatè a ni sou pwoblèm nou ni sou sa ki enterese nou. Anplis de sa, nou ka fè louwanj pou li e nou ka remèsye l pou sa l fè. Se sèten, nou pa dwe neglije yon bèl privilèj konsa. — Li Sòm 145:14-16.