Al gade sa k anndan l

Èske yon moun te janm wè Bondye?

Èske yon moun te janm wè Bondye?

Repons Bib la bay

 Pa gen yon moun ki janm wè Bondye toutbon (Egzòd 33:20; Jan 1:18; 1 Jan 4:12). Bib la di “Bondye se yon Espri”, sa vle di lèzòm pa ka wè li. — Jan 4:24; 1 Timote 1:17.

 Men zanj yo ka wè Bondye paske yo se espri (Matye 18:10). Mete sou sa, gen kèk moun ki mouri ki pral leve pou y al viv nan syèl la antanke espri, konsa yo pral kapab wè Bondye. — Filipyen 3:20, 21; 1 Jan 3:2.

Ki jan nou ka “wè” Bondye kounye a

 Bib la souvan itilize ide wè a nan yon sans pou pale de eklèsisman (Ezayi 6:10; Jeremi 5:21; Jan 9:39-41). Nan sans sa a, kounye a yon moun ka “ouvri kè l” pou l wè Bondye lè li gen lafwa sa vle di li konnen l e l renmen kalite l yo (Efezyen 1:18). Bib la dekri etap k ap ede nou vin gen gwo lafwa sa a.

  •   Aprann konnen kalite Bondye yo, tankou lanmou li ak fason li donan, sajès li ak pouvwa li genyen, pa mwayen kreyasyon an (Women 1:20). Apre Jòb yon sèvitè fidèl Bondye, te fin reflechi sou kreyasyon an, li te santi pou li menm se kòmsi Bondye te devan je l (Jòb 42:5).

  •   Aprann konnen Bondye lè w etidye Bib la. Men asirans Bib la bay: “Si w chèche [Bondye], l ap kite w jwenn li.”. — 1 Kwonik 28:9; Sòm 119:2; Jan 17:3.

  •   Aprann konnen Bondye pa mwayen lavi Jezi. Kòm Jezi te reflete pèsonalite papa l, Jewova Dye, yon fason ki pafè se avèk rezon li te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” — Jan 14:9.

  •   Viv yon fason ki fè Bondye plezi epi gade ki jan l ap aji nan lavi nou. Jezi te di: “Byennere moun kè yo pwòp, piske y ap wè Bondye.” Jan nou te di sa, Bondye pral leve kèk moun pou y al viv nan syèl la e konsa y ap kapab “wè Bondye”. — Matye 5:8; Sòm 11:7.

Èske Moyiz, Abraram ak lòt moun pa t wè Bondye toutbon?

 Nan istwa kote nou ka panse Bib la di gen moun ki te wè Bondye toutbon, kontèks yo montre te gen zanj ki reprezante Bondye oubyen se pa mwayen vizyon yo te wè Bondye.

 Zanj.

Nan tan lontan, Bondye te konn voye zanj kòm reprezantan l pou parèt devan moun sou tè a e pou yo pale nan non l (Sòm 103:20). Pa egzanp, yon lè Bondye te pale ak Moyiz nan yon pye pikan ki t ap boule, e Bib la di “Moyiz bouche figi l paske l te pè gade vrè Dye a”. (Egzòd 3:4, 6.) Men Moyiz pa t wè Bondye toutbon paske kontèks la montre se “zanj Jewova a” li te wè. — Egzòd 3:2.

 Menm jan an tou, lè Bib la di Bondye “te pale fasafas ak Moyiz” li te vle di Bondye te gen konvèsasyon pèsonèl ak Moyiz (Egzòd 4:10, 11; 33:11). An reyalite, Moyiz pa t wè figi Bondye, paske Bondye “te sèvi ak zanj pou transmèt li” enfòmasyon yo (Galat 3:19; Travay 7:53). Men, lafwa Moyiz te gen nan Bondye a te tèlman djanm sa fè Bib la pale de Moyiz kòmsi l “te wè Sila a ki envizib la”. — Ebre 11:27.

 Menm jan Bondye te pale ak Moyiz pa mwayen zanj, se konsa tou li te kominike ak Abraram pa mwayen zanj. Se vre, si nou annik li Bib la konsa konsa, nou ka panse Abraram te wè Bondye toutbon (Jenèz 18:1, 33). Men, kontèks la montre “twa mesye” ki te vin kot Abraram yo se te zanj Bondye te voye. Abraram te rekonèt yo se reprezantan Bondye e l te pale avèk yo kòmsi se ak Jewova menm li t ap pale. — Jenèz 18:2, 3, 22, 32; 19:1.

 Vizyon.

Bondye te konn parèt devan lèzòm tou pa mwayen vizyon, oswa yon seri imaj ki vin nan lespri yon moun. Pa egzanp, lè Bib la di Moyiz ak lòt Izrayelit yo “te wè Bondye Izrayèl la”, an reyalite yo “te wè vrè Dye a nan yon vizyon”. (Egzòd 24:9-11.) Menm jan an tou, pafwa Bib la di gen pwofèt ki te “wè Jewova”. (Ezayi 6:1; Dànyèl 7:9; Amòs 9:1). Nan chak ka, kontèks la montre yo te wè Bondye nan yon vizyon, men se pa Bondye menm yo te wè. — Ezayi 1:1; Dànyèl 7:2; Amòs 1:1.